Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 78:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Ke jenerasyon k ap vini an ta kab konnen. Menm pou sila ki poko fèt yo, pou yo ta kab leve e pale yo a pitit yo,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 pou timoun ki fenk fèt yo ka konnen l, pou yo menm tou, lè yo grandi, yo ka fè pitit pa yo konnen l.

参见章节 复制




Sòm 78:6
11 交叉引用  

Pou sa, jou sa yo te gen pou sonje e selebre pandan tout jenerasyon, tout fanmi, tout pwovens ak tout vil; epi jou sila yo a Purim pa te janm dwe neglije pami Jwif yo, ni memwa yo vin pèdi fòs pami desandan yo.


Sa va ekri pou jenerasyon k ap vini an. Pou yon pèp ki poko kreye kapab bay lwanj a SENYÈ a.


Yon jenerasyon va louwe zèv Ou yo jis rive nan yon lòt. Yo va pwoklame zèv pwisan Ou yo.


Yo va vini. Yo va deklare ladwati Li a yon pèp ki va vin fèt. Paske Li te reyisi fè tout bagay sa a.


Konsidere ranpa li yo. Antre nan palè li yo, pou ou kab pale jenerasyon k ap vini an.


Wi, menm lè m vye ak cheve blanch, O Bondye, pa abandone m, jiskaske mwen fin deklare fòs Ou a jenerasyon sila a, ak pwisans Ou a tout sila k ap vini yo.


Kite zèv Ou yo vin parèt a sèvitè Ou yo, akmajeste Ou a pitit yo.


epi pou ou kapab rakonte nan zòrèy fis ou yo, ak fis a fis ou yo sa Mwen te fè Égypte, ak jan Mwen te fè sign Mwen yo pami yo, pou nou kapab konnen ke Mwen se SENYÈ a.”


Pale pitit nou yo bagay sa a, e kite pitit nou pale pitit pa yo ak pitit a yon lòt jenerasyon.


Sonje jou ke ou te kanpe devan SENYÈ a, Bondye ou an, nan mòn Horeb, lè SENYÈ a te di mwen: ‘Rasanble pèp Mwen an pou Mwen kapab kite yo tande pawòl Mwen, pou yo kapab aprann gen lakrent Mwen pou tout jou ke yo ap viv sou latè yo; epi pou yo kapab enstwi pitit pa yo.’


跟着我们:

广告


广告