Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 78:51 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

51 Li te frape di tout premye ne an Égypte yo, premye sòti a fòs kouraj yo nan tant a Cham yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

51 Li touye tout premye pitit gason ki nan peyi Lejip la, tout premye pitit gason nan laras Kam lan.

参见章节 复制




Sòm 78:51
13 交叉引用  

Fis a Cham yo te Cush, Mitsraïm, Puth, avèk Canaan.


Ruben, se ou ki premye ne mwen an; pouvwa mwen, kòmansman nan gwo fòs mwen, premye nan respè e premye nan fòs.


Israël osi te rive an Égypte. Konsa Jacob te vin demere nan peyi Cham nan.


Yo te fè zèv mèvèy Li yo pami yo, avèk mirak nan peyi Cham yo.


Anplis, Li te frape touye tout premye ne nan peyi yo, premye fwi a fòs yo.


mèvèy nan peyi Cham yo, ak bagay mèvèy bò Lanmè Wouj la.


Li te frape premye ne Égypte yo, ni lòm, ni bèt.


A Sila ki te frape Ejipsyen yo nan premye ne yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;


“‘Paske Mwen va pase nan peyi Égypte la nan nwit lan, e Mwen va frape tout premye ne nan peyi Égypte la, ni moun, ni bèt. Epi kont tout dye an Égypte yo, Mwen va egzekite jijman—Mwen menm se SENYÈ a.


Li te rive ke lè Farawon te fè tèt di sou afè kite nou ale a, ke SENYÈ a te touye chak premye ne ki te fèt nan peyi Égypte la, ni premye ne nan lòm, ni premye ne nan bèt. Pou sa, mwen fè sakrifis a SENYÈ a, mal yo; premye pòtre a chak vant, men premye ne nan fis mwen yo, mwen ransone yo.’


Pa lafwa, li te fè Pak Jwif la, e li te flite san an, pou sila ki te detwi premye ne yo pa t kab touche yo.


跟着我们:

广告


广告