Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 78:38 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

38 Men Li menm, akoz mizerikòd Li, te padone inikite yo, e pa t detwi yo. Wi, souvan Li te ralanti kòlè Li e pa t kite tout kòlè li vin leve.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

38 Men, paske Bondye te gen pitye pou yo, li padonnen peche yo, li pat touye yo. Anpil fwa menm, li kenbe, li pat fè kòlè sou yo. Li pat kite kòlè l tonbe sou yo.

参见章节 复制




Sòm 78:38
17 交叉引用  

Lè zanj lan te lonje men li vè Jérusalem pou detwi li, SENYÈ a te repanti de gwo malè a. Li te di a zanj ki te detwi pèp la: “Sa ase! Koulye a, lache men ou!” Epi zanj SENYÈ a te akote glasi a Aravna a, Jebizyen an.


Men SENYÈ a te fè yo gras, Li te gen mizerikòd pou yo, Li te vire kote yo akoz akò ke li te gen avèk Abraham, Isaac, avèk Jacob la e Li pa t detwi yo ni jete yo deyò prezans li jis rive nan moman sa a.


Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, jan Manassé, papa li te konn fè a.


O SENYÈ, Bondye nou an, Ou te reponn yo. Ou te pou yo yon Bondye ki padone, men Ou te pran vanjans sou zak mechan yo.


Pou koz a non Mwen, M ap fè kòlè Mwen pran ti reta; pou koz lwanj Mwen, Mwen ralanti l pou ou, pou m pa koupe retire ou nèt.


Malgre sa, zye M te epanye yo olye de detwi yo e Mwen pa t detwi yo nèt nan dezè a.


Mwen p ap egzekite chalè kòlè Mwen; Mwen p ap detwi Éphraïm ankò. Paske se Bondye Mwen ye, Mwen pa lòm; Sila Ki Sen nan mitan nou an e Mwen p ap antre nan kòlè.


SENYÈ a te repanti de sa. “Sa p ap rive,” SENYÈ a te di.


SENYÈ a te repanti de sa. “Sa a tou, p ap rive”, Senyè BONDYE a te di.


跟着我们:

广告


广告