9 Èske Bondye te bliye gras Li, Oswa nan kòlè Li, èske Li te retire mizerikòd Li a?” Tan
9 (10) Eske Bondye bliye gen pitye? Eske lè li ankòlè li pa pran priyè?
Sonje, O SENYÈ, mizerikòd Ou ak lanmou dous Ou a, Paske se yo ki la depi tan ale nèt.
Ou menm O SENYÈ, p ap refize mwen. Lanmou dous Ou avèk verite Ou va prezève mwen tout tan.
Fè m gras, O Bondye, selon lanmou dous Ou a. Selon grandè a mizerikòd ou, efase transgresyon mwen yo.
Poukisa ou di, O Jacob, e pale O Israël: “Chemen Mwen an kache de SENYÈ a e jistis ke m merite a chape de atansyon Bondye M”?
Gade anba depi nan syèl la e wè soti nan abitasyon sen Ou ki plen ak glwa Ou. Kote zèl Ou ak zèv pwisan Ou yo? Santiman a kè ou ak konpasyon Ou te vin anpeche de mwen.
Bondye se pa yon nonm ke li ye pou L ta bay manti, ni fis a yon nonm pou L ta repanti. Èske Li pa t pale, e èske Li p ap fè l vrè?
Paske Bondye gen tan fèmen nou tout nan dezobeyisans pou li kapab montre nou tout mizerikòd li.
Men nenpòt ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kontre li, ki jan lamou Bondye kapab rete nan li?