Paske anverite, nou va mouri. Se tankou dlo ki gaspiye atè e ki p ap kab ranmase ankò. Men Bondye pa retire lavi, men toujou fè plan pou sila ki ekzile a pa vin jete deyò nèt de Li menm.”
Lè branch li yo vin sèch, yo vin kase yo. Fanm yo va vini pou fè dife avèk yo, paske se yon pèp san konprann. Akoz sa Kreyatè yo a p ap fè konpasyon sou yo. Li ki te fòme yo a p ap bay yo gras.
Poukisa, doulè mwen an rete tout tan, eblese mwen an reste san gerizon? Èske Ou menm, anverite, va devni pou mwen kon yon sous twonpe, ak dlo sou sila yo pa ka depann?
Selon nonb de jou ke nou te fè ankèt nan peyi a, karant jou, pou chak jou, nou va pote inikite nou yo pandan 1 nan, Ki fè karantan total, e nou va konprann opozisyon Mwen an.’
Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.