Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 77:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Bwi tonnè a eklate nan toubiyon an. Loray yo te klere tout tè a. Mond lan te tranble. Li te souke.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 (19) Bri loray la pran woule nan syèl la. Kout zèklè klere toupatou. Tè a sòti pè, li pran tranble.

参见章节 复制




Sòm 77:18
18 交叉引用  

SENYÈ a te eklate depi nan syèl la, e vwa Pli Wo a te reponn.


Latè te tranble e souke. Fondasyon syèl la t ap tranble. Yo te sombre, akoz Li te fache.


Ak repwòch Ou, yo te sove ale. Lè vwa Ou te sone, yo te kouri ale.


Li te voye flèch li yo deyò e te gaye yo. Avèk anpil gwo klate, Li te fè yo sove ale.


Konsa, gwo kanal dlo yo te parèt; Fondasyon mond yo te vin toutouni; ak repwòch Ou, O SENYÈ, lè gwo souf sòti nan nen Ou.


Konsa, latè a te tranble. Fondasyon a mòn yo te tranble. Yo te ebranle nèt, akoz kòlè Li.


Loray Li yo klere tout mond lan. Latè wè e li tranble.


Konsa, li te rive nan twazyèm jou a, lè li te vin maten, te genyen gwo tonnè avèk kout loray avèk yon nwaj byen fonse sou mòn nan, ak yon son twonpèt byen fò, jiskaske tout moun ki te nan kan an te tranble.


Alò, Mòn Sinai te nan lafimen nèt akoz SENYÈ a te desann sou li nan dife. Lafimen li te monte tankou lafimen yon founo, e tout mòn nan te tranble avèk vyolans.


Ekla Li tankou reyon solèy la. Gen tras klate limyè ki soti nan men L, e nanpwen anyen ki kache de pouvwa Li.


Epi gade, vwal tanp lan te chire de bout soti anwo, rive jouk anba, epi latè te tranble, e wòch yo te vin fann.


Lapoula, te gen yon gwo tranbleman de tè, e yon zanj Bondye te desann soti nan syèl la. Li te vin woule wòch akote a, e li te chita sou li.


Epi tanp Bondye ki nan syèl la te vin louvri e lach akò Li a te parèt nan tanp Li a. Konsa, te gen kout eklè, bri, gwo kout tonnè, yon tranbleman detè, ak gwo tanpèt lagrèl.


Apre bagay sa yo, mwen te wè yon lòt zanj k ap desann sòti nan syèl la, avèk gwo otorite, e tè a te byen klere avèk glwa li.


Konsa, mwen te wè yon gwo twòn blan, ak Sila ki te chita sou li a. De prezans Li, tè a ak syèl la te sove ale. Pa t gen plas pou yo.


“SENYÈ a, lè Ou te sòti Séir, lè Ou te mache soti nan chan Édom an, tè a te tranble e syèl la te fonn, menm nwaj yo te degoute dlo.


跟着我们:

广告


广告