“Epi sa va fèt lè fis ou mande ou nan tan ki vini yo, pou di: ‘Kisa sa ye?’, alò ou va di li: ‘Avèk yon men pwisan SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte, nan kay esklavaj la.
“Leve, leve, mete fòs sou Ou, O bra SENYÈ a; leve tankou nan jou lansyen yo. Èske se pa t Ou menm ki te koupe Rahab an ti mòso a, ki te frennen dragon an nèt la?
Konsa, mwen fè yon dekrè ke nenpòt pèp, nasyon, oswa lang ki pale yon bagay kont Bondye a Schadrac, Méschac, ak Abed-Nego a, li va chire mòso an mòso, e lakay pa li va redwi a yon pil ranblè, paske nanpwen lòt dye ki kapab delivre konsa.”
Konsa, yo te chante chan a Moïse la, sèvitè a Bondye a, ak chan a Jèn Mouton an. Yo t ap di: “Gran e mèvèye, se zèv Ou yo, O Senyè, Bondye Toupwisan an! Jis e vrè, se chemen Ou yo, Wa a nasyon yo.