Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 76:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Ou te fè jijman tande soti nan syèl la. Latè te krent, e te kanpe rete an plas

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 (9) Ou rete nan syèl la, ou fè konnen jan w'ap jije. Tout moun ki sou latè rete dousman tèlman yo pè,

参见章节 复制




Sòm 76:8
16 交叉引用  

“Ale mande a SENYÈ a pou mwen avèk pèp la ak tout Juda selon pawòl a liv sa a ki te twouve a. Paske gran se kòlè SENYÈ a ki brile kont nou, akoz zansèt papa nou yo pa t koute pawòl a liv sa a, pou fè selon tout sa ki ekri konsènan nou.”


Paske gran se SENYÈ a, e gran pou resevwa lwanj yo. Anplis, fòk nou gen lakrent Li plis pase tout lòt dye yo.


Tranble devan Li, tout latè. Anverite, lemond etabli byen solid. Li p ap deplase menm.


Mwen te di: “Mwen sipliye W, O SENYÈ syèl la, Bondye ki gran e mèvèye a, ki gade akò Li avèk lanmou dous Li pou sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo,


Tout pouvwa ak lakrent apatyen a Sila ki etabli lapè nan wotè Li yo.


“Kanpe la e konnen ke se Mwen menm ki Bondye. Mwen va leve wo pami nasyon yo. Mwen va leve wo sou tè a.”


SENYÈ a anplis te di a Moïse: “Ale vè pèp la, konsakre yo jodi a avèk demen, e kite yo lave vètman yo;


Men SENYÈ a se vrè Bondye a; Li se Bondye vivan an e Wa etènèl la. Devan kòlè Li, tout latè tranble e nasyon yo p ap ka sipòte gwo kòlè Li a.


“Gade byen, youn va monte kon yon lyon ki soti nan rakbwa Jourdain an kont yon patiraj ki tèlman byen wouze; pou yon moman, mwen va fè l kouri kite li e nenpòt moun ki deziye, Mwen va bay li pouvwa sou li. Paske se kilès ki tankou Mwen menm? E se kilès k ap voye pwosè vèbal tribinal ban Mwen? Alò, se kilès ki bèje ki ka kanpe devan Mwen?”


Se kilès ki ka kanpe devan gwo kòlè Li? Kilès ki ka sipòte chalè kòlè Li? Se tankou dife kòlè Li vide; Li menm ki fè wòch yo kraze an mòso.


Men SENYÈ a la nan sen tanp Li. Ke tout tè a fè silans devan Li.”


Se pou nou fè silans, tout chè, devan SENYÈ a; paske Li gen tan leve nan abitasyon sen Li an.”


Zetwal yo te goumen soti nan syèl la, soti nan kous yo, yo te goumen kont Sisera.


跟着我们:

广告


广告