Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 75:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Paske gen yon tas nan men SENYÈ a, e diven an ap kimen. Li byen mele e Bondye vide fè l sòti ladann. Anverite, tout mechan yo oblije bwè l jis rive nan dènye ti gout li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 (9) Senyè a kenbe yon gode nan men l. Gode a plen divès kalite tranpe ki fèt ak diven. L'ap vide diven bay tout mechan ki sou latè, y'ap bwè, y'ap bwè san yo pa kite yon ti tak.

参见章节 复制




Sòm 75:8
15 交叉引用  

Kite pwòp zye pa li wè lè l pouri gate. Kite li bwè lakòlè Bondye.


Sou mechan yo, Li va voye chabon cho tankou lapli; dife avèk souf avèk chabon brile va mele nan bwason yo.


Ou te fè pèp Ou a wè anpil bagay di. Ou te bay nou diven pou bwè ki fè nou toudi.


Akoz sa a, pèp pa yo retounen kote yo, e yo kontinye bwè gran sous yo nèt.


Sila ki mize sou diven nan, sila ki ale goute diven mele an.


Malè a sila ki vanyan nan bwè gwòg la e gen gwo kouraj nan mele bwason fò a,


Leve ou menm! Leve ou menm! Kanpe, O Jérusalem! Ou menm ki te bwè depi nan men SENYÈ a, tas kòlè Li. Gode ki pou fè ou kilbite a, ou fin bwè jis rive nan kras anba l.


Konsa pale Senyè ou a, SENYÈ a, menm Bondye ou, ki pran plede kòz pou pèp Li a: “Gade byen, Mwen te retire tas kilbite a, gode kòlè Mwen an soti nan men ou; ou p ap janm bwè l ankò.


Paske SENYÈ a, Bondye Israël la di mwen: “Pran tas diven kòlè sa a soti nan men Mwen, e fè tout nasyon kote Mwen voye ou yo bwè l.


Konsa, mwen te pran tas la nan men SENYÈ a, e mwen te fè tout nasyon sou sila SENYÈ a te voye mwen yo, bwè l:


Ou va bwè li e vide li nèt. Epi ou va manje sou ti mòso chire yo e dechire tete ou; paske Mwen te pale sa a”, deklare Senyè BONDYE a.


Gran vil la te fann an twa pati, e gran vil a nasyon yo te tonbe. Konsa, Babylone le gran te sonje devan Bondye, pou Li ba li gode diven de kòlè vyolan Li a.


SENYÈ a fè pòv ak rich. Li abese e anplis, Li leve.


跟着我们:

广告


广告