Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 74:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Sonje bagay sa a, O SENYÈ, ke lènmi yo te meprize Ou, e yon pèp ki plen ak foli te refize non Ou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Senyè, pa bliye jan lènmi ou yo ap pase ou nan rizib. Se yon bann moun san konprann ki pa gen respè pou non ou!

参见章节 复制




Sòm 74:18
16 交叉引用  

Petèt SENYÈ a, Bondye ou a, va tande tout pawòl a Rabschaké yo ke mèt li a, wa Assyrie a, te voye pou repwoche Bondye Vivan an e va repwoche pawòl ke SENYÈ a, Bondye ou a, te tande a. Pou sa, ofri lapriyè pou retay ki toujou rete a.’”


Yo te pale sou Bondye Jérusalem nan kòmsi se youn nan dye a pèp lemond yo, zèv a men de lòm yo.


Sonje, O SENYÈ, kont fis a Édom yo, jou a Jérusalem nan, ke yo te di: “Raze l nèt! Raze l jis rive nan fondasyon li.”


Delivre mwen de tout transgresyon mwen yo. Pa fè m repwòch a moun san sajès yo.


A la beni sila ki konsidere ka malere a beni! SENYÈ a va delivre li nan jou twoub li.


Leve, O Bondye! Plede koz Ou! Sonje jan lòm plen foli meprize Ou tout lajounen.


Sonje, O SENYÈ, sa ki te rive nou an. Gade pou wè repwòch nou.


Men Mwen te aji pou koz non Mwen, pou li pa ta degrade nan zye a nasyon yo, devan zye a sila Mwen te fè yo sòti yo.


Konsa, ou te pale ak awogans kont Mwen e ou te miltipliye pawòl ou yo kont Mwen. Mwen te tande sa.”


si M pa t krent ke li t ap pwovoke lènmi an, ke lènmi pa yo ta mal jije pou yo ta di: “Se men nou ki gen viktwa a. Se pa t vrèman SENYÈ a ki fè tout sa.”’


se konsa nou rekonpanse SENYÈ a, O pèp ki san konprann e ki san sajès? Èske se pa Papa nou, Kreyatè nou an, ki te fè nou e ki te fòme nou?


Gran vil la te fann an twa pati, e gran vil a nasyon yo te tonbe. Konsa, Babylone le gran te sonje devan Bondye, pou Li ba li gode diven de kòlè vyolan Li a.


跟着我们:

广告


广告