Sòm 74:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen1 O Bondye, poukisa Ou te rejte nou pou tout tan? Poukisa kòlè Ou fè lafimen kont mouton patiraj Ou an? 参见章节1998 Haïtienne1 (1b) Bondye, poukisa ou lage nou nèt konsa? Poukisa ou an kòlè konsa sou moun pa ou yo, sou mouton ki nan savann ou yo? 参见章节 |
“Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a: “anverite, akoz bann mouton Mwen an te vin viktim, bann mouton Mwen an te menm vin manje pa tout bèt chan yo, akoz yo te manke yon bèje. Bèje Mwen yo pa t chache bann mouton Mwen an, men bèje Mwen yo te nouri pwòp tèt pa yo. Konsa, yo pa t bay manje a bann mouton Mwen an.