22 alò, mwen te vin ensansib e san bon konprann. Mwen te tankou yon bèt devan Ou.
22 Mwen te sòt, mwen pat konprann anyen. Mwen te tankou yon bèt devan ou.
Poukisa nou gade tankou bèt, tankou sòt nan zye ou?
Pa fè tankou cheval oswa milèt ki pa gen konprann menm, ki nan tout sikonstans, oblije gen brid ak bosal ki pou ralanti yo. Otreman, yo p ap vin kote ou.
Paske li wè ke menm moun saj yo mouri. Sila ki bèt ak sila ki fou yo mouri menm jan. Yo kite byen yo pou lòt yo.
O Bondye, Ou konnen foli mwen. Koupabilite mwen pa kache devan Ou.
Yon nonm ensanse pa gen konesans, ni yon nonm bèt pa konprann sa:
Ke lè mechan yo te pouse tankou zèb la, e tout sa ki fè inikite t ap byen reyisi yo, se te pou yo ta kapab detwi jis pou tout tan.
“Anverite, mwen pi bèt pase tout moun e mwen pa gen konprann a yon nonm.
Mwen te di pwòp tèt mwen selon fis a lòm yo: “Anverite, Bondye te fè yo pase a leprèv pou yo ta wè ke se tankou bèt ke yo ye.”
Yon bèf konnen mèt li e yon bourik manjwa a mèt li, men Israël pa konsa. Pèp Mwen an pa reflechi.”