Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 73:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Men kijan yo va detwi nan yon enstan! Y ap bale nèt ale avèk gran perèz kap rive sibitman!

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Kisa ou konprann? Anvan ou bat je ou yo fini, yo disparèt sitèlman yo pè.

参见章节 复制




Sòm 73:19
18 交叉引用  

Bri laperèz sone nan zòrèy li. Pandan li anpè, destriktè a rive sou li.


Patou laperèz fè l sezi e kouri dèyè l nan chak pa ke li fè.


Ke viktwa a mechan yo kout, e jwa a enkwayan an se pou yon moman?


Avan chodyè ou yo kab santi dife pikan yo, Li va bale yo fè yo disparèt nan van toubiyon; vèt ak sila kap brile yo, ansanm.


Mechan yo sove ale lè pa gen k ap kouri dèyè yo; men moun dwat yo gen kouraj kon lyon.


Anplis, lòm pa konnen lè li tankou pwason ki kenbe nan yon filè mechan an, o zwazo ki kenbe nan pèlen an. Se konsa fis a lòm yo sezi nan yon move moman. Epi lanmò an tonbe sou yo sibitman.


akoz sa, inikite sa a va pou nou kon yon gwo brèch nan miray ki prèt pou tonbe a, yon gwo pati k ap souke nan yon miray ki wo, ki ka pete tonbe sibitman, nan yon enstan.


Men malè va vini sou ou ke ou p ap gen maji pou detounen. Gwo dega ke ou p ap ka menm konprann va vini sou ou. Destriksyon ke ou pa t janmn sispèk va rive sou ou sibitman.


Konsa, figi a wa a te vin blanchi, refleksyon li yo te fè l gen gwo laperèz; jwen ren li te vin pèdi fòs e jenou li te kòmanse souke jiskaske youn t ap frape kont lòt.


“Separe nou nan mitan kongregasyon sila a, pou Mwen kapab manje yo koulye a.”


nonm sila a, livre selon plan ak avan konesans Bondye, nou te kloue sou yon kwa pa men lèzòm san prensip Bondye yo, e te mete li a lanmò.


Pandan y ap di “Lapè ak sekirite”, alò destriksyon va vini sou yo sibitman, tankou doulè a yon fanm k ap fè pitit. E yo p ap chape.


Y ap kanpe a yon distans akoz de pè a toumant li an, e y ap di:” ‘Malè, malè, gran vil, Babylone nan, vil ki fò a! Paske, nan yon èdtan, jijman ou gen tan rive.’


Anviwon di jou pita, SENYÈ a te frape Nabal e li te mouri.


Alò, Saül, lapoula, te tonbe atè nèt. Li te plen laperèz akoz pawòl a Samuel yo. Ni pa t gen fòs nan li, paske li pa t manje manje nan tout jou sa a, ni nan nwit lan.


跟着我们:

广告


广告