Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 72:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Li va jije malere a pèp la. Li va fè sekou pou pitit a malere yo, e kraze opresè a an mòso.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Wa a va defann kòz malere ki nan peyi a. L'a wete pitit pòv malere yo nan mizè yo ye a. L'a kraze moun k'ap peze pèp la.

参见章节 复制




Sòm 72:4
23 交叉引用  

Pou konbyen de tan, nou va toumante m, e kraze mwen avèk pawòl yo?


Li kraze moun pwisan an an mòso, jan nou pa menm konprann, e mete lòt moun nan plas yo.


Paske Li kanpe kote men dwat malere a pou sove li de men a sila ki jije nanm li yo.


Ou va kase yo avèk yon baton fè, Ou va kraze yo tankou veso kanari.”


Yo kraze pèp Ou a, O SENYÈ. Yo aflije eritaj Ou a.


Yon wa ki saj va vannen mechan yo e fè wou moulen pase anwo yo.


men ak ladwati, Li va jije malere yo, e pran desizyon ak jistis pou aflije sou latè yo. Li va frape tè a ak baton bouch Li, e avèk souf lèv Li yo, Li va detwi mechan yo.


“Gade byen, men Sèvitè Mwen an, ke M ap soutni an; sila ke M chwazi a, ki fè nanm Mwen plezi a. Mwen te mete Lespri M sou Li. Li va mennen fè lajistis vin parèt devan nasyon yo.


Yon wozo ki brize, Li p ap kase, e yon fisèl bouji ki brile fèb, Li p ap etenn. Ak fidelite, Li va mennen lajistis e fè l vin parèt.


Paske Ou va kraze fado ki peze sou do yo a ak baton sou zepòl yo; baton a sila ki oprime yo, tankou nan batay Madian an.


Konsa, li te kraze nan jou sa a. Epi konsa, aflije nan bann mouton yo ki t ap gade mwen an, te vin konprann ke se te pawòl SENYÈ a.


Konsa, mwen te nouri bann mouton pou kòche a; soutou, aflije nan bann mouton yo. Mwen te pran pou mwen de baton: youn mwen te rele Gras e lòt la, mwen te rele li Tèt Ansanm. Konsa, mwen te nouri bann mouton an.


Avèg yo vin wè, sila ki t ap bwate yo vin mache dwat, lepre yo vin pirifye, soud yo vin tande, mò yo vin resisite, e malere yo tande bòn nouvèl la.


“Rejwi sou li, o syèl, e nou menm, sen, apot ak pwofèt yo, paske Bondye te pwononse jijman pou nou kont li.”


Nan li menm te twouve san a pwofèt ak sen yo, ak tout sila ki te touye sou latè yo.”


Paske jijman Li yo vrè e jis. Paske Li te jije gran pwostitiye ki te konwonpi latè avèk imoralite li a, e sou li, Li te vanje san a sèvitè Li yo.”


跟着我们:

广告


广告