14 Men pou mwen, mwen va kenbe espwa m pou tout tan. Mwen va bay Ou lwanj plis toujou.
14 M'ap toujou mete espwa mwen sou ou. M'ap fè lwanj ou tout tan tout tan.
Malgre Li ta touye mwen, mwen va mete espwa m nan Li. Malgre, mwen va fè diskou chemen mwen yo devan L.
O Israël, mete espwa nan SENYÈ a. Paske kote SENYÈ a ye, gen mizerikòd. Avèk Li, gen redanmsyon an abondans.
Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen? E poukisa ou twouble anndan m? Mete espwa ou nan Bondye! Paske m ap louwe Li ankò: O sove m, soutyen mwen an, ak Bondye m.
Pa Ou menm, mwen te twouve soutyen depi lè m te fèt. Se Ou menm ki te retire mwen nan vant manman m. Tout tan se Ou menm ke m louwe.
Men sa mwen sonje nan tèt mwen; pou sa, mwen gen espwa.
“SENYÈ a se pòsyon mwen.” Se sa nanm mwen di m. Konsa, mwen mete espwa m nan Li.
SENYÈ a montre dousè Li a sila ki tann Li yo, a moun ki chache Li a.
Se bon pou yon nonm gen espwa, e tann byen trankil pou sali SENYÈ a.
Mwen priye konsa, pou lanmou nou kapab ogmante ankò plis toujou nan vrè konesans, avèk tout bon jijman.
Paske, vrèman nou pratike sa anvè tout frè ki an Macédoine yo. Men nou egzòte nou, frè yo, pou nou fè plis pwogrè toujou,
Konsa, pa jete konfyans nou an, ki gen yon gran rekonpans.
Konsa prepare panse nou pou nou kab aji; rete vijilan. Fikse esperans nou nèt sou lagras ki te pote a nou menm nan revelasyon a Jésus Kri a—
Men grandi nan lagras ak konesans Senyè ak Sovè nou an, Jésus Kri. A Li menm, laglwa, menm koulye a, e nan jou letènite a. Amen.
Epi tout moun ki gen espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.