Li te koube banza Li kon yon lènmi. Li te poze men dwat li konsi se yon advèsè. Konsa, Li te touye tout ki bèl pou gade. Nan tant a fi a Sion an, Li te vin vide gwo kòlè Li tankou dife.
Ou te soti pou delivrans a pèp Ou a, pou sali pèp onksyon Ou an. Ou te frape tèt peyi mechanste an. Ou te ekspoze li nèt, depi nan kwis li pou rive nan kou l. Selah.
Yo te kriye avèk yon vwa fò. Yo t ap di: “Konbyen tan, o Senyè, sen e veritab, èske Ou va fè reta nan jije e vanje san nou sou sila ki rete sou latè yo?”