34 Kite syèl la avèk tè a louwe Li, lanmè yo avèk tout sa ki fè mouvman ladann yo.
34 (35) Se pou syèl la ansanm ak latè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan li fè lwanj Bondye.
Alò Bondye te di: “Ke dlo yo vin ranpli avèk anpil kreyati vivan, e ke zwazo yo vole anwo tè a nan gran espas syèl yo.”
Sa va ekri pou jenerasyon k ap vini an. Pou yon pèp ki poko kreye kapab bay lwanj a SENYÈ a.
Kite tout sa ki gen souf louwe SENYÈ a! Louwe SENYÈ a!
Kite syèl yo vin kontan e kite latè rejwi. Kite lanmè a fè gwo bri ansanm ak tout sa ki ladann.
Rele fò ak jwa, O syèl yo! Rejwi, O latè! Eklate ak gwo kri lajwa, O mòn yo! Paske SENYÈ a te konsole pèp Li a. Li va gen konpasyon pou aflije Li yo.
Paske ou va sòti ak kè kontan e mennen sòti ak lapè. Mòn yo ak kolin yo va eklate nan gwo kri lajwa devan ou, e tout bwa nan chan yo va bat men yo.