30 Mwen va louwe non Bondye avèk chan yo, epi leve Li wo avèk remèsiman.
30 (31) M'a chante pou Bondye, m'a fè lwanj li. M'a di l mèsi, m'a fè konnen jan li gen pouvwa.
Mwen va bay Ou remèsiman, paske Ou te reponn mwen, e Ou te vin sali mwen.
SENYÈ a se fòs mwen ak boukliye mwen. Kè m mete konfyans nan Li, e mwen jwenn sekou. Pou sa, kè m leve wo nèt. Avèk chanson mwen, mwen va di Li mèsi.
O leve SENYÈ a byen wo avè m. Annou leve non L wo ansanm.
Ofri a Bondye yon sakrifis remèsiman e peye ve ou yo a Pi Wo a.