Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 69:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

29 Men mwen aflije e mwen nan doulè. Ke delivrans Ou, O Bondye kapab plase mwen an sekirite an wo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

29 (30) Mwen nan gwo lapenn, m'ap soufri. Bondye, pote m sekou. Mete m sou de pye m ankò.

参见章节 复制




Sòm 69:29
17 交叉引用  

paske mwen aflije e malere. Kè m blese anndan m.


Paske Li kanpe kote men dwat malere a pou sove li de men a sila ki jije nanm li yo.


Se Li menm ki delivre m de lènmi mwen yo. Anverite, Ou leve m pi wo de sila ki fè rebèl kont mwen yo. Ou delivre mwen kont men lòm vyolans lan.


Ke SENYÈ a kapab reponn ou nan jou gran twoub la! Ke non Bondye Jacob la kapab kenbe ou ansekirite an wo!


Akoz mwen aflije e nan gwo bezwen, kite SENYÈ a toujou sonje mwen. Se Ou menm ki soutyen mwen ak delivrans mwen. Pa fè reta, O Bondye mwen an.


Delivre mwen de lènmi m yo, O Bondye mwen; Plase mwen byen wo an sekirite byen lwen de sila ki leve kont mwen yo.


Men mwen aflije e mwen nan nesesite. Fè vit vin kote mwen, O Bondye! Se Ou menm ki sekou mwen ak delivrans mwen. O SENYÈ, pa mize.


SENYÈ a te di a Moïse: “Nenpòt moun ki te peche kont Mwen, Mwen va efase li nan liv Mwen an.


O SENYÈ, espwa Israël la, tout moun ki abandone Ou yo, va vin wont. Sila yo ki kite Mwen sou latè yo, sou latè non yo va vin enskri, akoz yo te abandone SENYÈ a, sous dlo vivan an.


Jésus te di li: “Rena yo gen twou pou yo kache, e zwazo anlè yo gen nich pa yo, men Fis a Lòm nan pa gen kote pou repoze tèt Li.”


Paske nou konnen lagras Senyè nou an Jésus Kri, ke malgre Li te rich, pou koz nou, Li te vin pòv, pouke, nou menm, atravè povrete Li, nou ta kapab vin rich.


跟着我们:

广告


广告