Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 69:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Paske yo te pèsekite sila ke Ou menm te blese a. Yo pale sou doulè a sila ke Ou menm te blese yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

26 (27) Paske yo te pèsekite moun ou t'ap pini an. Y'ap pwonmennen rakonte soufrans moun ou blese a.

参见章节 复制




Sòm 69:26
10 交叉引用  

Men yon pwofèt SENYÈ a ki te rele Oded te la. Li te sòti deyò pou rankontre lame ki te vini Samarie a e li te di yo: “Gade byen, paske SENYÈ a zansèt ou yo te fache avèk Juda, Li te livre yo nan men nou, e nou te touye yo ak gwo laraj ki te rive jis nan syèl la.


Yo gate wout mwen. Yo bourade lachit mwen san mande sekou.


akoz li pa t sonje montre lanmou dous, men te pèsekite e te aflije malere a, ak sila ki dekouraje nan kè l la, pou l mete yo a lanmò.


Men SENYÈ a te kontan brize Li; pou mete Li nan gwo soufrans, pou L ta rann Li menm kon yon ofrann koupabilite, pou L ta wè desandan Li yo. Li va pwolonje jou Li yo, e bon plezi SENYÈ a va reyisi nan men Li.


Anverite, se doulè nou yo Li te pote ak soufrans nou yo Li te chaje sou do L; men nou te rekonèt Li kon moun pini, frape pa Bondye e aflije.


Men Mwen fache anpil anpil ak nasyon ki alèz yo. Paske pandan Mwen te fache sèlman yon ti kras, yo te ogmante afliksyon an.”


“Leve, O nepe, kont bèje Mwen an, e kont nonm nan ki byen pre M,” deklare SENYÈ dèzame yo. Frape bèje a pou mouton yo ka gaye; epi Mwen va vire men M kont jenn ti piti yo.


Sila ki te touye Senyè a Jésus ak pwofèt yo, e ki te fòse nou sòti. Yo p ap fè Bondye plezi, men yo se lènmi a tout moun.


跟着我们:

广告


广告