Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 69:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Rale nanm mwen pre. Rachte l! Rachte mwen akoz lènmi mwen yo!

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 (19) Vin jwenn mwen, vin delivre mwen. Wete m nan men lènmi mwen yo.

参见章节 复制




Sòm 69:18
15 交叉引用  

Oswa ‘delivre m nan men advèsè a’? Oswa ‘rachte mwen nan men opresè sila yo’?


Poukisa Ou kanpe tèlman lwen, O Senyè? Poukisa Ou kache Ou menm nan tan twoub yo?


Li te voye delivrans a pèp Li a. Li te òdone akò Li a jis pou tout tan. Sen e mèvèye, se non Li.


Reponn mwen vit, O SENYÈ, lespri m vin febli; Pa kache figi Ou sou mwen, oswa mwen va vini kon sila ki desann nan fòs yo.


Bondye mwen, Bondye mwen, poukisa Ou te abandone m? Kri a doulè sa a lwen delivrans mwen.


Anpil towo vin antoure m. Towo fò a Basan yo te ansèkle m.


Men Ou menm, O SENYÈ, pa rete lwen! Ou menm, sekou mwen, fè vit, vin rive ede m!


Delivre nanm mwen devan nepe a, lavi mwen devan pouvwa a chen an.


Pa kache figi Ou de mwen. Pa detounen sèvitè Ou a pa deyò nan kòlè Ou. Se Ou ki konn sekou mwen. Pa abandone mwen, ni kite m sèl, O Bondye delivrans mwen an.


Nan men Ou, mwen mete lespri mwen. Ou te rachte m, O SENYÈ, Bondye verite a.


Men Bondye va rachte nanm mwen soti pouvwa a sejou lanmò a, paske Bondye va resevwa m.


O Espwa Israël la, Sovè li nan tan gwo twoub la, poukisa Ou tankou yon etranje nan peyi a? Oswa yon vwayajè ki te monte tant li lannwit?


Ou te vin rapwoche lè m te rele Ou a. Ou te di: “Pa pè!”


si M pa t krent ke li t ap pwovoke lènmi an, ke lènmi pa yo ta mal jije pou yo ta di: “Se men nou ki gen viktwa a. Se pa t vrèman SENYÈ a ki fè tout sa.”’


Paske Canaran avèk tout abitan peyi a va tande sa. Yo va antoure nou e efase non nou sou tè a. Epi kisa Ou va fè pou lonè gran non Ou?”


跟着我们:

广告


广告