Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 69:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Delivre mwen sòti nan labou a. Pa kite mwen fonse nèt ladann. Kite m delivre de sa yo ki rayi mwen yo, ak nan fon dlo yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 (15) Wete m nan m'a labou sa a. Pa kite m desann pi fon ladan li. Delivre m anba lènmi m yo. Wete m nan gwo basen byen fon an.

参见章节 复制




Sòm 69:14
20 交叉引用  

Men Ou menm, O Bondye, SENYÈ a, aji dousman avè m pou koz a non Ou. Akoz lanmou dous Ou a bon, delivre m,


Anplis, yo te antoure mwen avèk pawòl ki plen rayisman E yo te goumen kont mwen san koz.


Lonje men Ou soti anwo. Fè m sekou! Delivre m sòti nan gwo dlo yo, nan men etranje yo ak


Pa kite sila ki lènmi m san koz yo, rejwi sou mwen. Ni pa kite sila ki rayi mwen san koz yo, fè kout zye sou mwen.


Nanm mwen swaf pou Bondye, Pou Bondye vivan an. Se kilè mwen kab vini pou parèt devan Bondye?


Pwofondè a rele pwofondè a nan son kaskad dlo Ou yo. Tout gwo dlo ak move lanmè Ou yo fin koule sou mwen.


Pa kite inondasyon dlo yo vin anvayi mwen, ni fon an vale m, ni fòs la fèmen bouch li sou mwen.


Paske Ou menm, Senyè a, Ou plen bonte e Ou prèt pou padone, ranpli avèk lanmou dous, pou tout sila ki rele sou non Ou yo.


Mwen te rele non Ou, O SENYÈ, depi nan twou fòs pi ba a.


Sila ki konsidere zidòl san valè yo abandone tout sous mizerikòd,


Nan nevyèm lè a, Jésus te kriye fò avèk yon gwo vwa: “Eloi, Eloi, lama sabachthani?” ki tradwi “Bondye M, Bondye M, poukisa Ou abandone Mwen?”


“Men sitwayen li yo te rayi li, e yo te voye yon delegasyon dèyè l pou di: ‘Nou pa vle nonm sa renye sou nou.’


“Men lènmi M sa yo ki pa t vle M renye sou yo a, mennen yo isit la, e touye yo nan prezans mwen.”


跟着我们:

广告


广告