alò, Mwen va koupe, retire Israël soti nan peyi ke M te ba yo a, ak kay ke M te konsakre a non Mwen an. Mwen va retire li devan zye m. Konsa, Israël va devni yon pwovèb ak yon pawòl rizib pami tout pèp yo.
nan lè ke SENYÈ a te pale pa Ésaïe, fis a Amots la, epi te di: “Ale retire twal sak la sou kwis ou e retire soulye nan pye ou.” Se konsa li te fè, epi li te ale toutouni, epi pye a tè.
Mare senti nou ak twal sak e kriye fò, O prèt yo, Rele anmwey! O sèvitè a lotèl yo, Vin pase nwit lan ak twal sak, chèf sèvitè a Bondye mwen yo. Paske ofrann sereyal la ak ofrann bwason an p ap antre lakay Bondye nou an.