Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 68:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 O Bondye, lè Ou te sòti devan pèp Ou a, lè Ou te mache travèse dezè a,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 (8) O Bondye, lè ou t'ap mache alatèt pèp ou a, lè ou t'ap travèse dezè a,

参见章节 复制




Sòm 68:7
10 交叉引用  

Yon tè fètil vin tounen savann tè sale, akoz mechanste a sila ki rete ladann yo.


Ki egzekite jistis pou oprime yo. Ki bay manje a moun grangou yo. SENYÈ a mete prizonye yo an libète.


SENYÈ a t ap prale devan yo nan yon pilye nwaj pandan lajounen pou mennen yo nan chemen an, e nan yon pilye dife pandan lannwit pou bay yo limyè pou yo ta kapab vwayaje lajounen, kon lannwit.


Lespri Senyè BONDYE a sou mwen, akoz SENYÈ a te onksyone mwen pou pote bòn nouvèl a moun aflije yo. Li te voye mwen pou bay soutyen a sila ak kè brize yo, pou pwoklame libète a kaptif yo e delivrans a prizonye yo;


Sila k ap ouvri kraze chemen a va ale devan yo. Yo kraze pòtay la pou soti. Se wa yo ki pase devan yo, ak SENYÈ la a latèt yo.


Oswa èske yon dye te janm eseye pran pou li menm yon nasyon soti nan yon lòt nasyon pa eprèv, pa sign ak mirak avèk lagè, pa yon men pwisan, pa yon bwa lonje e pa gran bagay etonan, jan SENYÈ a, Bondye nou an, te fè pou nou an Égypte devan zye nou?


Debora te di a Barak: “Leve! Paske sa se jou nan sila SENYÈ a vin mete Sisera nan men ou! Veye byen, SENYÈ a gen tan sòti devan ou.” Konsa Barak te sòti desann Mòn Thabor avèk di-mil lòm ki t ap swiv li.


“SENYÈ a, lè Ou te sòti Séir, lè Ou te mache soti nan chan Édom an, tè a te tranble e syèl la te fonn, menm nwaj yo te degoute dlo.


跟着我们:

广告


广告