Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 68:35 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

35 O Bondye, Ou etonnan nan sanktiyè Ou yo. Bondye Israël la ki bay fòs ak pouvwa a pèp Li yo. Beni se Bondye!

参见章节 复制

1998 Haïtienne

35 (36) Bondye chita kote ki apa pou li a, li fè tout moun respekte l. Bondye pèp Izrayèl la bay pèp li a fòs ak kouray. Di Bondye mèsi!

参见章节 复制




Sòm 68:35
23 交叉引用  

Mwen te di: “Mwen sipliye W, O SENYÈ syèl la, Bondye ki gran e mèvèye a, ki gade akò Li avèk lanmou dous Li pou sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo,


Sòti nan nò, se reyon majeste an lò; Bondye antoure ak majeste etonnan.


Bay a SENYÈ a, O Fis a moun pwisan yo, bay a SENYÈ a, glwa avèk gwo fòs.


SENYÈ a va bay fòs a pèp Li a. SENYÈ a va beni pèp li a avèk lapè.


Nan majeste Ou, Ou va monte nèt an viktwa. Pou koz verite avèk imilite, avèk ladwati, kite men dwat Ou enstwi Ou bagay mèvèy yo.


Paske SENYÈ Pi Wo a merite lakrent. Li se Gran Wa a sou tout latè a.


Avèk zèv mèvèy e dwat, Ou reponn nou, O Bondye sali nou an. Se Ou menm ki espwa tout pwen latè a, jis rive nan lanmè pi lwen an.


Beni se Bondye, ki pa t refize koute lapriyè mwen, ni ki pa t kache lanmou dous Li a sou mwen.


Vini pou wè zèv Bondye yo. Zèv etonnan anvè fis a lòm yo.


Li va koupe retire nanm a prens yo. Wa latè yo gen lakrent Li.


Alò Moïse avèk fis Israël yo te chante chan sila a a SENYÈ a. Yo te di: “Mwen va chante a SENYÈ a paske viktwa Li etonnan. Cheval la avèk moun ki monte l la, Li te voye yo nan lanmè.


Li bay fòs a sila ki fatige yo, e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.


sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf; yo va monte anwo ak zèl kon èg. Yo va kouri, e yo p ap bouke; yo va mache, e yo p ap fatige.


Deklare e prezante ka nou an. Anverite, kite yo fè konsiltasyon ansanm. Se kilès ki te anonse sa depi nan tan ansyen yo, ki te deklare sa depi lontan? Èske se pa Mwen, SENYÈ a? Epi nanpwen lòt Dye sof ke Mwen, yon Dye ladwati e yon Sovè. Nanpwen lòt sof ke Mwen.


Mwen va ranfòse yo nan SENYÈ a. Nan non pa Li, yo va mache monte desann” deklare SENYÈ a.


pou Li kapab bannou, selon richès laglwa Li, ke nou kapab ranfòse avèk pouvwa, atravè Lespri Li a ki fonse nan enteryè lòm nan.


Très cheve ou yo va tankou fè avèk bwonz. Selon kantite jou ou yo, konsa, ou va gen fòs.


Nanpwen lòt ki tankou Bondye Israël la, ki monte sou syèl yo pou rive ede nou, e ki travèse syèl yo nan majeste Li.


Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.


ki ranfòse ak tout pouvwa, selon pwisans laglwa Li a, pou vin genyen pèseverans ak pasyans; avèk lajwa,


跟着我们:

广告


广告