Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 68:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

30 Repwoche bèt sovaj yo nan mitan wozo a, twoupo towo yo avèk ti bèf a pèp yo. Foule anba pye gwo bout pyès ajan yo. Gaye pèp ki te renmen fè lagè yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

30 (31) Fè bèt ki rete anba wozo yo pè, fè bann towo bèf ak jenn ti towo yo pè tou, jouk y'a vin soumèt devan ou, jouk y'a vin ofri ajan ba ou. Wi, moun sa yo ki renmen batay, gaye yo! Fè yo kouri!

参见章节 复制




Sòm 68:30
21 交叉引用  

anplis de sa ke machann avèk komèsan yo te pote. Tout wa Arabie avèk dirijan peyi sa yo te mennen lò avèk ajan bay Salomon.


Yo chak te pote pwòp kado pa yo: bagay an ajan avèk lò, vètman, zam, epis, cheval, milèt, an gran kantite ane pa ane.


Anba zèb dlo, li kouche; nan kouvèti wozo a ak marekaj la.


Mwen vle lapè, men lè m pale, se lagè yo pito.


Depi yo tande, yo obeyi mwen. Etranje yo soumèt devan m.


Fè omaj a Fis la, pou L pa vin fache, epi ou ta mouri nan chemen an. Paske gwo chalè Li kab limen ase vit. A la beni se tout sila ki kache nan Li.


Wa a Tarsis yo avèk lil yo va pote kado. Wa a Séba avèk Saba yo ap ofri kado.


Ou menm, Ou te kraze Rahab (Égypte) tankou yon moun ki fin touye. Ou te gaye lènmi Ou yo avèk men pwisan Ou.


Anplis, bèf mawon va desann ak yo, ak jenn towo, ak towo pwisan yo. Konsa, peyi yo va tranpe ak san, e pousyè yo va vin gra ak grès.


“Akoz nou kontan, akoz nou ap fete, o nou menm ki te konn piyaje eritaj Mwen an; akoz nou fè sote tankou yon jenn gazèl k ap foule sereyal; epi ki vin ranni kon jenn poulen,


Pale e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a, “Gade byen, Mwen kont ou, Farawon, wa Égypte, gwo mons la ki kouche nan mitan rivyè li yo, k ap di: ‘Rivyè Nil lan se pou mwen e se mwen menm ki te fè li.’


Konsa anpil pèp ak nasyon pwisan va vin chache SENYÈ Dèzame yo nan Jérusalem, e pou mande favè SENYÈ a.”


Paske, plen ak lajwa, mwen vin dakò avèk Lalwa Bondye ki aji andedan an,


Kisa ki sous kont ak konfli pami nou yo? Èske se pa plezi nou yo k ap fè lagè nan manm kò nou yo?


跟着我们:

广告


广告