26 Beni Bondye nan asanble yo, SENYÈ a menm, fontèn dlo Israël la.
26 (27) Fè lwanj Bondye nan mitan pèp la lè l reyini. Fè lwanj li, nou tout pitit pitit Izrayèl yo!
Kite yo leve L wo, anplis, nan asanble a pèp la, e beni Li nan asanble ansyen yo.
Louwe SENYÈ a! Mwen va bay lwanj a SENYÈ a ak tout kè m, Ansanm ak moun ladwati yo ak nan asanble a.
Pye m kanpe sou yon plas byen plat. Nan asanble a, mwen va beni SENYÈ a.
Epi sila ki chante ansanm avèk sila ki jwe flit yo va di: “Tout sous bwote yo, se nan ou”.
Marie, pwofetès ak sè Aaron an te pran tanbouren an nan men l. Tout fanm yo te sòti dèyè li avèk tanbouren yo. Yo t ap danse.
Èske sous ou yo dwe dispèse nan peyi etranje, kòn vwa dlo k ap kouri nan lari yo?
“Tande sa, O lakay Jacob, ki rele pa non Israël, ki te sòti nan dlo Juda la. Nou sèmante pa non SENYÈ a, e envoke Bondye Israël la, men san verite e san ladwati.
Konsa, Israël viv ansekirite, sous Jacob ki mete apa a, nan yon peyi sereyal avèk diven nèf. Wi, syèl Li yo vin degoute lawouze a.