Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 68:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Ou te monte an wo. Ou te mennen kaptif yo sòti. Anplis, Ou te resevwa kado pami lòm, menm pami rebèl yo tou, pou SENYÈ a, Bondye a, kapab abite la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 (19) Ou moute anwo, ou mennen anpil prizonye ale avè ou. Yo fè ou kado anpil moun, menm moun ki te leve dèyè ou yo.

参见章节 复制




Sòm 68:18
47 交叉引用  

“Men èske Bondye va vrèman rete avèk lòm sou tè a? Gade byen, syèl la avèk pi wo syèl la pa kab kenbe Ou; bokou mwens, pou kay sa a ke m te konstwi a.


SENYÈ a di a Senyè mwen an: “Chita bò kote men dwat Mwen Jiskaske Mwen fè ènmi Ou yo vin yon machpye pou Ou.”


Se kilès ki kab monte sou kolin SENYÈ a? Epi kilès ki kab kanpe nan lye sen pa Li an?


Bondye te monte avèk yon gwo rèl, SENYÈ a avèk son twonpèt la.


Kite asanble a tout pèp yo antoure Ou. Gouvènen yo, depi an wo.


Jiskaske Li te abandone abitasyon Silo, tant ke li te konn monte pami lòm nan,


Kite mechan an abandone chemen li an, ak pechè a, panse li yo. Kite li retounen kote SENYÈ a e Li va gen mizerikòd sou li; anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.


Paske se konsa Sila ki wo e egzalte, Sila ki viv jis pou tout tan an, non a Li se Sila ki Sen an, pale: “Mwen rete nan kote ki wo e ki sen, anplis ak li menm ki gen kè ki pi e ki enb, pou fè leve lespri a enb yo, e fè leve kè a sila a ki plen regrè pou peche.


“Vil la va diz-ui-mil koude antoure nèt; epi non a vil la soti nan jou sa a va: ‘SENYÈ a la’.”


Vwa SENYÈ a pale devan lame Li a. Anverite, kan Li vin byen gran, paske byen fò se sila ki akonpli pawòl Li a. Anverite, jou SENYÈ a gran. Li tèrib anpil! Se kilès ki ka sipòte li?


Men ale konprann kisa sa vle di: ‘Mwen dezire mizerikòd, pa sakrifis’, paske mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo.”


Alò, apre Li te leve bonè nan premye jou semèn nan, Li te parèt premyèman a Marie Magdala, moun sou sila ke Li te retire sèt move lespri yo.


Epi ke repantans pou padon peche yo ta pwoklame nan non Li a tout nasyon yo, kòmanse depi Jérusalem.


Gade byen, Mwen ap voye kote nou pwomès Papa M nan. Men fòk nou rete nan vil la jiskaske nou vin abiye avèk pwisans ki sòti anwo a.”


Pandan Li t ap beni yo, Li te kite yo e te leve monte nan syèl la.


Jésus te reponn e te di Li: “Si nenpòt moun renmen M, li va kenbe pawòl Mwen, e Papa M va renmen li, e Nou va vin kote li, epi va demere avèk li”.


“Men Mwen di nou laverite se nan lavantaj pa nou ke M ap prale. Paske si M pa ale, Konseye a p ap vin kote nou, men si M ale, M ap voye Li bay nou.


nonm sila a, livre selon plan ak avan konesans Bondye, nou te kloue sou yon kwa pa men lèzòm san prensip Bondye yo, e te mete li a lanmò.


Yo tout te vin ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te kòmanse pale avèk lòt lang jan Lespri a t ap bay yo kapasite eksprime.


Konsa, Ananias te sòti. Li te antre nan kay la, e lè l fin poze men l sou li, li te di: “Frè Saul, Senyè Jésus a ki te parèt devan ou nan wout la lè ou t ap vini an, Li voye m pou ou kapab wè ankò e pou ou kapab ranpli avèk Lespri Sen an.”


Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.


Oswa, ki akò tanp Bondye a gen avèk zidòl yo? Paske nou se tanp a Bondye vivan an. Jan Bondye te di a: “Mwen va viv nan yo e mache pami yo. Mwen va Bondye pa yo e yo va pèp Mwen.”


Li te di: “SENYÈ a te sòti nan Sinai, e te parèt sou yo soti nan Séir. Li te briye soti nan Mòn Paran. Li te sòti nan mitan di-milye yo ki te sen. Nan men dwat Li, te gen yon lalwa byen cho ki te pou yo.


Nan Li menm kache tout trezò sajès ak konesans yo.


Paske nan Li menm tout aspè konplè a Bondye a egziste nan fòm a yon kò fizik.


Anplis, Li menm se refleksyon laglwa Li, ak reprezantasyon egzakt de nati Li. Se Li ki bay soutyen a tout bagay pa pawòl a pouvwa Li a. Lè li te fin pirifye tout peche yo, Li te monte chita sou bò dwat a Majeste anwo a.


Konsa, paske nou gen yon si tèlman wo prèt ki te travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a.


kote Jésus te deja antre kòm youn ki kouri devan pou nou, e te devni yon wo prèt pou tout tan nan lòd Melchisédek la.


Koulye a, pwen prensipal nan sa ki te di a se sa: “Nou gen yon si tèlman wo prèt ki pran plas Li adwat a twòn Majeste a nan syèl yo.”


Li menm ki, sou men dwat Bondye, te ale nan syèl, kote tout zanj, otorite, ak pouvwa yo te fin soumèt a Li menm.


Pou mistè a sèt zetwal ke ou te wè nan men dwat Mwen an, ak sèt chandelye yo: Men li: sèt zetwal yo, se zanj a sèt legliz yo, e sèt chandelye yo, se sèt legliz yo.”


Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: “Gade, tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo.


‘Leve, leve, Débora! Leve, leve, chante yon chan! Leve, Barak, e mennen kaptif ou yo, O fis Abinoam nan.’


跟着我们:

广告


广告