Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 68:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Moun pa Ou yo te vin rete ladann. Ou te founi tout bonte Ou pou malere yo, O Bondye.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 (11) Pèp ou a moute kay li nan peyi ou pare pou pòv malere yo, paske ou gen bon kè.

参见章节 复制




Sòm 68:10
18 交叉引用  

alò, tande nan syèl la e padone peche a sèvitè Ou yo, e a pèp Ou a, Israël. Anverite, enstwi yo nan bon chemen nan sila yo ta dwe mache a, e voye lapli sou peyi ke Ou te bay a pèp Ou a, ke Ou te bay yo a kòm eritaj la.


Ou wouze tranch li yo an abondans. Ou fè do li vin poze. Ou fè l vin mou ak lapli an abondans; Ou beni kwasans plant li.


Ou te kouwone ane a avèk bonte Ou. Kabwa yo plen pwodwi rekòlt la.


Ou vizite tè a e fè li gen abondans. Ou anrichi li anpil. Flèv Bondye a plen ak dlo. Ou prepare sereyal yo, paske se konsa ou oganizè l.


Pa livre nanm a toutrèl Ou a bèt sovaj yo. Pa bliye lavi aflije Ou yo pou tout tan.


Gade byen, Li te frape wòch la pou dlo kouri sòti e gwo sous yo t ap debòde. Èske Li kapab bay pen tou? Èske Li kab founi vyann pou pèp Li a?”


Li bay fòs a sila ki fatige yo, e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.


yo te reyini ansanm kont Moïse avèk Aaron. Yo te di yo: “Nou te ale ase lwen, paske tout kongregasyon an sen, yo tout, e SENYÈ a nan mitan yo! Konsa, poukisa nou egzalte tèt nou pi wo pase asanble SENYÈ a?”


Avèg yo vin wè, sila ki t ap bwate yo vin mache dwat, lepre yo vin pirifye, soud yo vin tande, mò yo vin resisite, e malere yo tande bòn nouvèl la.


Li ranpli sila ki grangou yo avèk bon bagay; e Li voye rich yo ale avèk men vid.


“Ou va reponn e di devan SENYÈ a, Bondye ou a: ‘Papa m te yon vwayajè Arameyen fèt pou peri. Li te desann an Égypte, e li te demere la. Yo te piti an kantite, men la, li te devni yon gran nasyon pwisan avèk anpil moun.


Ni se pa tankou kòmande sila ki plase anba otorite nou yo, men kòm yon egzanp pou bann mouton an.


Li leve malere sòti nan pousyè. Li leve sila ki nan bezwen an soti nan pil sann nan, pou yo chita avèk prens yo, e jwenn yon chèz donè kòm eritaj. Paske pilye tè yo se pou SENYÈ a yo ye. Li te plase lemond sou yo.


跟着我们:

广告


广告