Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 66:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 ki kenbe nou pami vivan yo, e ki pa kite pye nou glise.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Se li menm ki ban nou lavi. Li pa kite pye nou glise.

参见章节 复制




Sòm 66:9
13 交叉引用  

Paske li p ap janm ebranle. Moun dwat la va sonje jis pou tout tan.


Li p ap kite pye ou chape. Sila ki kenbe ou a p ap kabicha, ni dòmi.


Paske baton wayal plen mechanste p ap poze sou peyi a moun ladwati yo, jis pou moun dwat yo pa leve men yo pou fè mal.


Tout moun byen reyisi sou latè va manje e adore. Tout sila ki desann nan pousyè a va bese devan Li, Menm sila ki pa kab fè nanm li viv la.


Men Ou menm, O Bondye, va rale yo desann nan fòs destriksyon an. Moun ki vèse san e ki bay manti p ap rive fè mwatye nan jou yo. Men mwen menm va mete konfyans nan Ou.


Se Li sèl ki wòch mwen, sali mwen, ak sitadèl mwen. Menm gwo sò pa p boulvèse m.


Li se sèl ki wòch mwen, sali mwen, ak sitadèl mwen. Mwen p ap ebranle menm.


Si mwen ta di: “Pye m glise,” Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, va kenbe m.


“‘Paske nan Li nou viv, nou fè mouvman, e nou egziste menm, jan kèk nan powèt nou yo konn di: paske nou menm tou se pitit Li.’


L ap pwoteje pye a sen Li yo; men, mechan yo va jwenn silans nan tenèb la; paske se pa pa lafòs ke yon nonm vin reyisi.


Si yon moun ta leve kont ou pou kouri dèyè ou e chache lavi ou, nan lè sa a, lavi ou, mèt mwen va mare nan pakèt ak sila ki viv pou SENYÈ yo, Bondye ou a. Men lavi a lènmi ou yo, Li va lanse deyò tankou wòch k ap sòti nan pòch a yon fistibal.


跟着我们:

广告


广告