17 Mwen te kriye a Li menm avèk bouch mwen. Ak lang mwen, mwen te leve Li wo.
17 Mwen rele nan pye l, mwen te deja pare pou m te fè lwanj li.
Kisa mwen kapab bay a SENYÈ a Pou tout bonte Li anvè mwen?
Mwen va leve Ou wo, O Bondye mwen, O Wa a. Mwen va beni non Ou pou tout tan e pou tout tan.
Mwen va leve Ou wo, O SENYÈ, paske Ou te leve mwen. Ou pa t kite lènmi m yo rejwi sou mwen.
A Ou menm, SENYÈ, mwen te rele. A SENYÈ mwen an, mwen te fè siplikasyon mwen yo:
“Ki benefis ki genyen nan san mwen si mwen desann nan gwo fòs la? Èske pousyè a kab louwe Ou? Èske li va deklare fidelite Ou?
Malere sila a te rele, e SENYÈ a te tande li, epi te sove li sòti nan tout twoub li yo.