Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 65:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Avèk zèv mèvèy e dwat, Ou reponn nou, O Bondye sali nou an. Se Ou menm ki espwa tout pwen latè a, jis rive nan lanmè pi lwen an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 (6) Bondye, ou menm k'ap delivre nou, w'ap reponn nou, paske ou pa nan patipri. W'ap fè bèl bagay pou nou. Moun toupatou sou latè, moun byen lwen lòt bò lanmè ap mete konfyans yo nan ou.

参见章节 复制




Sòm 65:5
28 交叉引用  

Sila ki desann bò kote lanmè nan bato yo, ki fè komès sou gwo dlo yo,


Senyè a dwat nan tout chemen Li yo, e ranpli ak bonte nan tout zèv Li yo.


Tout ekstremite tè a nèt va sonje. Yo va vire bò kote SENYÈ a. Konsa, tout fanmi nan nasyon yo va adore devan Ou.


Paske avèk Ou, se fontèn dlo lavi a. Nan limyè pa Ou a, nou wè limyè.


Nan majeste Ou, Ou va monte nèt an viktwa. Pou koz verite avèk imilite, avèk ladwati, kite men dwat Ou enstwi Ou bagay mèvèy yo.


Di Bondye: “Zèv Ou yo mèvèye”! Akoz grandè a pwisans Ou, menm, lènmi Ou yo va soumèt a Ou.


A la beni nonm ki gen fòs li nan Ou, Nan kè a sila lide fè wout nan gran chemen vè Sion an ye.


Restore nou, O Bondye a sali nou an, e fè endiyasyon Ou anvè nou, sispann.


Epi zanj SENYÈ a te sòti deyò e te frape san-katre-ven-senk-mil lòm nan kan Asiryen yo. Lè moun te leve bonè granmmaten, gade byen, yo tout te mouri.


“Vire kote Mwen pou vin sove, tout pwent latè yo; paske Mwen se Bondye e pa gen lòt.


Ladwati Mwen toupre a. Sali Mwen te voye deyò. Se bra M kap jije pèp yo. Peyi kot yo va tann Mwen, e bra M va jije pèp yo.


Epi ou va wè, ou va plen ak limyè; kè ou va kontan e ou va rejwi. Paske abondans lanmè a va vire vè ou; gran richès a nasyon yo va rive kote ou.


Mwen va mete yon sign pami yo e Mwen va voye bay nasyon yo sila ki chape pami yo: Tarsis, Pul, Lud, Tubal ak Javan, nan peyi kot byen lwen ki pa t janm tande afè laglwa Mwen, ni ki pa t konn wè laglwa Mwen. Epi yo va deklare glwa Mwen pami nasyon yo.


SENYÈ a va vin tèrib pou yo, paske Li va fè tout dye teritwa yo mouri ak grangou. Konsa, tout moun, depi nan nasyon yo va adore Li, yo chak nan pwòp plas yo.


‘Nan jou sa a,’ deklare SENYÈ dèzame yo: “Mwen va pran ou, Zorobabel, fis a Schealthiel la, sèvitè Mwen an,’ deklare SENYÈ a. ‘Epi konsa, Mwen va fè ou vin tankou yon bag so, paske Mwen te chwazi ou,’ deklare SENYÈ dèzame yo.”


Mwen va koupe retire cha Éphraïm nan, ansanm ak cheval Jérusalem nan. Banza lagè a va koupe retire; Li va pale lapè a nasyon yo. Wayòm Li an va soti nan lanmè jis rive nan lanmè, e nan Rivyè Euphrate la jis pou l rive nan dènye pwent tè a.


Men akoz de tèt ak kè di nou, nou ap ranmase vanjans Bondye pou dènye gran jou kòlè a, lè Bondye ap fè vin parèt tout jijman jis Li yo.


Se Li menm ki lwanj nou, se Li menm ki Bondye nou, se Li menm ki te fè gran bagay etonan sa yo pou nou ke zye nou te wè.


Oswa èske yon dye te janm eseye pran pou li menm yon nasyon soti nan yon lòt nasyon pa eprèv, pa sign ak mirak avèk lagè, pa yon men pwisan, pa yon bwa lonje e pa gran bagay etonan, jan SENYÈ a, Bondye nou an, te fè pou nou an Égypte devan zye nou?


Mwen te tande zanj a dlo yo k ap di: “Jis se Ou menm ki la e ki te la a, O Sila Ki Sen an, paske Ou te jije bagay sa yo.


跟着我们:

广告


广告