Tout èv ke li te kòmanse fè nan sèvis lakay Bondye a, nan lalwa avèk kòmandman an, nan chache Bondye li a, li te fè yo avèk tout kè li, e li te byen reyisi.
Koulye a fòk mwen leve mache toupatou nan vil la; nan ri yo ak nan plas yo. Fòk mwen chache sila ke nanm mwen renmen an. Mwen te chache l, men m pa t jwenn li.
Nan lannwit, nanm mwen anvi Ou. Anverite, lespri m anndan mwen chache Ou ak enpasyans; paske lè jijman Ou yo rive sou latè, sila ki rete ladann yo, aprann ladwati.
Pa pè, paske Mwen avèk ou. Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou. Mwen va fòtifye ou. Anverite Mwen va bay ou sekou. Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati, men dwat Mwen.
“Gade byen, men Sèvitè Mwen an, ke M ap soutni an; sila ke M chwazi a, ki fè nanm Mwen plezi a. Mwen te mete Lespri M sou Li. Li va mennen fè lajistis vin parèt devan nasyon yo.