Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 63:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 O Bondye, Ou se Bondye mwen. Mwen va chache Ou ak tout kè m. Nanm mwen swaf pou Ou. Chè m anvi Ou nan yon peyi epwize e sèch kote nanpwen dlo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 (2) Bondye, se ou ki Bondye mwen. Jan manvi wè ou! Jan m'ap tann ou sa a! Se tout kò m k'ap mande pou ou, tankou tè sèk nan solèy k'ap tann lapli.

参见章节 复制




Sòm 63:1
37 交叉引用  

Gade, mwen pral tann nan pasaj dezè a jiskaske pawòl ou rive enfòme mwen.”


Li se SENYÈ a, Bondye nou an. Jijman pa Li yo sou tout latè.


Si ou ta chache Bondye e mande konpasyon a Toupwisan an,


Ou se Bondye mwen e mwen va bay Ou remèsiman; Ou se Bondye mwen e mwen va leve Ou wo.


Nanm mwen fè gwo anvi pou sali Ou. Se pawòl Ou m ap tann.


Enstwi mwen pou fè volonte Ou, paske se Ou menm ki Bondye mwen. Lespri Ou bon. Kondwi mwen sou tèren ladwati a.


Mwen lonje men m vè Ou menm. Nanm mwen fè gwo anvi pou Ou, kon yon peyi deseche.


Men pou mwen, mwen mete konfyans nan Ou, O SENYÈ. Mwen di: “Se Ou menm ki Bondye mwen”.


Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen? Epi poukisa ou vin twouble anndan mwen? Mete espwa ou nan Bondye, paske m ap louwe Li ankò, O soutyen kè mwen an, e Bondye mwen an.


Nan maten O SENYÈ, Ou va tande vwa mwen. Nan maten mwen va vèse bay Ou lapriyè mwen yo. M aptann, m ap veye.


Lè Li te touye yo, nan lè sa a, yo te chache Li. Yo te retounen chache Li ak dilijans.


Nanm mwen anvi e menm gen gwo dezi pou lakou SENYÈ a. Kè m ak chè m chante avèk jwa a Bondye vivan an.


Mwen va di a SENYÈ a: “Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an. Se nan Li mwen mete konfyans!”


“SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen epi konsa, Li gen tan vin delivrans mwen. Sa se Bondye pa m, e mwen va louwe Li; Bondye a papa m nan, e mwen va leve Li wo.


Men nan plas sa a pèp la te swaf dlo, epi yo te plenyen kont Moïse. Yo te di: “Poukisa ou te mennen nou monte isit la kite Égypte, pou touye nou avèk zanfan nou yo, ak bèt nou yo avèk swaf.”


Mwen renmen sila ki renmen m yo. Sila ki chache mwen ak dilijans yo va jwenn mwen.


“M ap avèti nou, O fi a Jérusalem yo, si nou jwenn cheri mwen an, konsa nou va di l; ke mwen malad ak lanmou.”


Yon nonm va tankou yon abri kont van ak yon pwotèj kont tanpèt, tankou sous dlo nan yon peyi sèch, tankou lonbraj a yon gwo wòch nan yon peyi ki deseche.


Peyi deseche a va vin tounen yon letan, e tè swaf kòn sous k ap pete dlo. Nan landwa chen mawon yo, nan kote yo poze a , va gen zèb ak wozo ak jon.


Mwen va ouvri rivyè yo sou wotè ki vid yo ak sous nan mitan vale yo. Mwen va fè dezè a vin yon letan dlo, e tè sèch la yon fontèn dlo.


“Nan lè sa a”, deklare SENYÈ a: “Mwen va vin Bondye a tout fanmi Israël yo, e yo va vin pèp Mwen.”


“Men sa se akò ke M va fè ak lakay Israël apre jou sa yo”, deklare SENYÈ a: “Mwen va mete lalwa M anndan yo e sou kè yo Mwen va ekri l; epi Mwen va Bondye yo, e yo va pèp Mwen.


Mwen va ale retounen nan plas Mwen, jiskaske yo vin rekonèt koupabilite yo, pou chache fas Mwen. Nan soufrans yo, y ap vin chache Mwen ak tout kè.”


“Konsa, Mwen va mennen fè pase twazyèm pati a nan dife. Mwen va rafine yo tankou yo rafine ajan, e pase yo a leprèv tankou lò. Yo va rele non Mwen, e Mwen va tande yo. Mwen va di: ‘Yo se pèp Mwen’, e yo va di: ‘SENYÈ a, se Bondye mwen an.’”


“Alò, lè yon move lespri kite yon nonm, li pase nan zòn sèk san dlo pou chache repo, men li pa jwenn.


Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.


Jésus te di li: “Pa touche M, paske Mwen poko monte jwenn Papa M. Men ale bò kote frè M yo e di yo ke ‘Mwen monte a Papa Mwen, e Papa pa w, Bondye Mwen, e Bondye Pa w.’”


Nan dènye jou fèt la, Jésus te kanpe e te kriye: “Si nenpòt moun swaf, kite L vin kote Mwen epi bwè!


Pwofèt la, Gad, te di a David: “Pa rete nan fò a. Sòti ale nan peyi Juda.” Konsa, David te sòti e te ale nan forè a nan Héreth.


跟着我们:

广告


广告