Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 62:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Yo plen entansyòn pou pouse li soti nan wo pozisyon li. Yo pran plezi nan tout sa ki fo. Yo beni avèk bouch yo, men anndan yo bay madichon.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 (5) Wi, yo pa gen lòt lide nan tèt yo pase fè l pèdi gwo plas kote li ye a. Yo pran plezi nan bay manti. Yo louvri bouch yo pou mande benediksyon, men nan kè yo, se madichon y'ap bay.

参见章节 复制




Sòm 62:4
27 交叉引用  

Mwen rayi tankou bagay abominab, tout sa ki fo. Men lalwa Ou a, mwen renmen l nèt.


Pa rale m sòti avèk mechan yo, avèk sila ki fè inikite yo, ki pale lapè avèk vwazen yo, pandan mechanste nan kè yo.


Nanpwen anyen stab nan pawòl pa yo. Anndan yo se pouriti menm. Gòj yo se yon tonm ki louvri. Yo fè flatè ak lang yo.


Men vwala, Ou vle verite a menm nan pati anndan m nèt. Nan pati kache anndan m, Ou va fè m konnen sajès.


Ou renmen mechanste plis pase sa ki bon. Fo bagay plis pase pale verite a.


Pawòl li te pi dous pase bè, men ak kè, li te fè lagè. Pawòl li yo te pi dous pase lwil, men se nepe rale yo te ye.


Yon nonm dwat rayi sa ki fo; men zak mechan yo degoutan e fè gwo wont.


Zye ògeye, yon lang k ap bay manti, avèk men ki vèse san inosan,


akoz sa, inikite sa a va pou nou kon yon gwo brèch nan miray ki prèt pou tonbe a, yon gwo pati k ap souke nan yon miray ki wo, ki ka pete tonbe sibitman, nan yon enstan.


Ak mechanste yo, yo fè kè wa a kontan, epi prens yo, ak manti yo.


Lè Hérode te vin wè ke li te twonpe pa mesye saj yo, li te vin anraje. Konsa, li te voye touye tout ti gason mwens ke de zan nan tout anviwon Bethléem nan, selon tan li te vin konprann pa mesye saj yo.


Konsa, Farizyen yo te ale pran konsèy ansanm pou twouve kijan yo ta kab kenbe L nan pèlen pawòl ke Li te pale yo.


Nan menm jou sa a, kèk nan Sadiseyen yo (ki di pa gen rezirèksyon) te vin kote L pou poze L kesyon.


Alò, lè maten vin rive, tout chèf prèt yo avèk lansyen a pèp la te pran diskite kont Jésus pou mete Li a lanmò.


Men Senyè a te di: “Nou menm Farizyen yo netwaye tas la pa deyò, ansanm ak plato a. Men anndan nou ranpli avèk vòl ak mechanste.


Donk yo te veye li, e te voye espyon ki te pretann ke se te moun jis yo te ye, pou yo ta kapab kenbe Li nan yon pawòl, pou yo ta kab livre Li devan lalwa a ak otorite gouvènè a.


“Nou se pitit a papa nou, dyab la. Epi nou vle fè volonte a papa nou. Li te yon asasen depi nan kòmansman, e li pa kanpe nan verite a, paske nanpwen verite nan li. Lè li manti, li manti pou kont li, paske se yon mantè li ye, epi papa a tout manti.


Malgre yo konnen òdonans Bondye a, ke sila ki pratike bagay sa yo merite lanmò, yo non sèlman fè yo, men yo vin konplètman dakò avèk sila ki pratike yo tou.


Paske, plen ak lajwa, mwen vin dakò avèk Lalwa Bondye ki aji andedan an,


Deyò se chen yo, majisyen yo, moun imoral yo, asasen yo, idolat ak tout sila ki renmen e ki gen pratik bay manti.


跟着我们:

广告


广告