Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 62:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Pou jiskilè, nou va atake yon nonm? Alò, èske nou ta touye li, nou tout, tankou yon miray k ap panche? Tankou yon kloti k ap kraze?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 (4) Kilè na sispann tonbe ansanm sou do yon moun pou n chache lage l atè tankou yon miray ki tou panche, tankou yon lantouray k'ap tonbe?

参见章节 复制




Sòm 62:3
19 交叉引用  

Sila ki mete konfyans yo nan SENYÈ a tankou Mòn Sion, ki pa kab deplase, men ki dire jis pou tout tan.


ka p fè manèv mechan nan kè yo. Tout tan, y ap fè pwovokasyon pou fè lagè.


Mwen te mete SENYÈ a devan zye m tout tan. Akoz Li se men dwat mwen, mwen p ap ebranle menm.


Mwen rele SENYÈ a, ki dign pou bay lwanj; epi mwen sove de lènmi mwen yo.


Malgre yo te anvizaje mal kont Ou, e te fòme yon konplo, yo p ap reyisi.


Sila ki chache lavi m yo, ap prepare pyèj yo pou mwen. Sila ki chache fè m donmaj yo ap fè menas destriksyon. Y ap manniganse trayizon tout lajounen.


O fis a lòm yo, jiskilè laglwa Mwen va devni yon repwòch? Jiskilè ou va renmen sa ki san valè e tante twonpe moun? Tan


Pou konbyen de tan nou va jije san jistis, e montre favè a mechan yo?


Moïse avèk Aaron te ale vè Farawon, e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: ‘Jiska konbyen de tan ou va refize imilye ou devan Mwen? Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.


Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pou konbyen de tan nou va refize kenbe kòmandman Mwen yo, ak enstriksyon Mwen yo?


“Jiskilè, O moun san bon konprann yo, nou va renmen rete san konprann anyen? Pou mokè yo rejwi yo nan moke moun e moun san konprann yo rayi konesans?


Pou konbyen de tan ou va kouche konsa O parese? Se kilè ou va leve soti nan dòmi?


Lave kè ou retire mal la, O Jérusalem, pou ou ka sove. Pou jiskilè panse mechan nou yo va rete anndan ou?


Malgre se Mwen ki enstwi ponyèt yo pou yo ta vin fò, malgre sa, yo fè konplo pou mal kont Mwen.


Jésus te reponn. Li te di: “O jenerasyon enkredil e pèvès; pandan konbyen de tan M ap avèk nou? Pandan konbyen de tan M ap sipòte nou? Mennen li ban Mwen!”


Jwif yo tou te vin jwenn nan atak la, e yo t ap sètifye ke tout bagay sila yo se te vrè.


Anplis, David te di: “Jan SENYÈ a viv la, asireman, SENYÈ a va frape li, oswa jou li va rive pou li mouri, oswa li va tonbe nan batay e peri.


跟着我们:

广告


广告