Si ou di: “Gade, nou pa t konnen sa”; èske Li pa konsidere sa, sila ki peze kè? Epi èske Li pa konnen sa, sila kap kenbe nanm ou an? Èske Li p ap rann a lòm selon zèv li?
“Akoz sa a, Mwen va jije nou, O lakay Israël, chak moun selon kondwit li,” deklare Senyè BONDYE a. “Repanti e vire kite tout transgresyon nou yo, pou inikite sa a pa devni yon wòch chite ki pou fè nou tonbe.
Wa a va fè dèy, prens lan va abiye ak dezespwa, e men a pèp peyi a va pran tranble. Selon kondwit yo, Mwen va aji avèk yo, e selon jijman yo, Mwen va jije yo. Konsa, yo va konnen ke se Mwen ki SENYÈ a.’”
O Bondye mwen an, apiye zòrèy W pou tande! Ouvri zye ou pou wè dezolasyon nou yo, ak vil la ki rele pa non Ou a; paske nou p ap prezante siplikasyon nou yo akoz okenn dwati de nou menm, men akoz gran mizerikòd Ou.
Se kilès ki yon Bondye tankou Ou, ki padone inikite, e ki bliye zak rebèl a retay pèp eritaj li? Li pa kenbe kòlè li pou tout tan an, akoz Li pran plezi nan lanmou dous Li.