1 Koute kri mwen, O Bondye. Prete atansyon a lapriyè mwen.
1 (2) Bondye, tande jan m'ap rele nan pye ou! Koute lè m'ap lapriyè ou!
SENYÈ, koute vwa mwen! Kite zòrèy Ou rete atantif a vwa siplikasyon mwen yo.
Koute yon koz ki jis, O SENYÈ e okipe kri mwen. Prete zòrèy a lapriyè mwen, ki pa sòti nan lèv k ap twonpe moun.
Tande vwa a siplikasyon mwen yo lè m kriye a Ou menm pou sekou, lè m leve men m vè sanktiyè sen Ou an.
Reponn mwen lè m rele Ou, O Bondye ladwati mwen; Ou te fè m pran souf nan gran twoub mwen an. Fè m gras e tande lapriyè mwen.
Sove mwen, O Bondye, ak non Ou e fè vanjans mwen ak pouvwa Ou.
O SENYÈ, pa repwoche mwen nan kòlè Ou, ni ba m chatiman nan fachez Ou.
Tande vwa m, O Bondye nan plent mwen an. Konsève lavi m kont laperèz lènmi an.
Prete zòrèy Ou, O SENYÈ, a lapriyè mwen. Prete atansyon a vwa siplikasyon mwen yo.
Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye.