Alò, pou sa, Bondye Nou an, Bondye gran, pwisan e mèvèy la, ki kenbe akò li avèk Lanmou dous, pa kite tout twoub sa yo vin bliye devan Ou, ki te vin rive sou nou, wa nou yo, chèf nou yo, prèt nou yo, papa zansèt nou yo, ak sou tout pèp Ou yo, depi nan jou wa Assyrie yo, jis rive jodi a.
Paske gen yon tas nan men SENYÈ a, e diven an ap kimen. Li byen mele e Bondye vide fè l sòti ladann. Anverite, tout mechan yo oblije bwè l jis rive nan dènye ti gout li.
Leve ou menm! Leve ou menm! Kanpe, O Jérusalem! Ou menm ki te bwè depi nan men SENYÈ a, tas kòlè Li. Gode ki pou fè ou kilbite a, ou fin bwè jis rive nan kras anba l.
Konsa pale Senyè ou a, SENYÈ a, menm Bondye ou, ki pran plede kòz pou pèp Li a: “Gade byen, Mwen te retire tas kilbite a, gode kòlè Mwen an soti nan men ou; ou p ap janm bwè l ankò.
Li te konfime pawòl ke Li te pale kont nou, e kont chèf ki te gouvène nou yo, pou fè vini sou nou yon gwo malè. Paske anba tout syèl la, pa t janm gen okenn bagay ki te fèt tankou sa ki te fèt Jérusalem nan.
Ou plen ak wont san onè. Konsa, ou va bwè ou menm e dekouvri pwòp toutouni pa ou. Tas nan men dwat SENYÈ a va vire tou won pou rive kote ou, e wont total va ranplase laglwa ou.
Gran vil la te fann an twa pati, e gran vil a nasyon yo te tonbe. Konsa, Babylone le gran te sonje devan Bondye, pou Li ba li gode diven de kòlè vyolan Li a.