Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 60:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 O Bondye, Ou te rejte nou. Ou te kraze nou. Ou te fache. O restore nou ankò.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 (3) Bondye, ou vire do ban nou. Ou gaye nou toupatou. Ou te fache ak nou. Tanpri, fè nou kanpe ankò!

参见章节 复制




Sòm 60:1
36 交叉引用  

Epi Hadarézer te voye chache Siryen ki te pi lwen Rivyè Euphrate la pou yo te vini Hélam. Schobac, Kòmandan a lame a Hadarézer a te sou tèt yo.


Konsa, David te vini Baal-Peratism e te bat yo la. Li te di: “SENYÈ a te antre sou lènmi mwen yo devan m tankou yon dlo k ap kase.” Pou sa, li te rele plas sa a Baal-Peratsim.


Li te etabli anplasman militè yo nan Édom. Nan tout Édom, li te fè anplasman militè e tout Edomit yo te devni sèvitè a David. Konsa, SENYÈ a te ede David tout kote li te ale.


Alò, David te bat Hadadézer, fis a Rehob la, wa a Tsoba, pandan li te nan wout pou reprann kontwòl li nan Rivyè Euphrate la.


Li te touye di-mil moun Édom nan Vale Sèl la, epi te pran Séla nan lagè. Li te rele li Yoqthéel, e se sa li ye jis rive jodi a.


David osi te bat Hadarézer, wa Tsoba a, jis rive Hamath, e li te sòti pou ale etabli wayòm li jis rive nan Rivyè Euphrate la.


“Epi pou ou menm, fis mwen an, Salomon, fè konesans a Bondye papa ou a e sèvi li avèk tout kè ou e avèk bòn volonte; paske SENYÈ a chache nan tout kè yo e byen konprann entansyon a tout panse yo. Si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va rejte ou jis pou tout tan.


Alò, Amatsia te ranfòse tèt li; li te mennen pèp li a sòti pou ale nan Vale Sèl la, e te frape di-mil nan fis a Séir yo.


Se pa ke Ou, Ou menm, O Bondye, te rejte nou an? Èske Ou p ap sòti avèk lame nou yo, O Bondye?


Alò, koulye a, Ou rejte nou, e mennen nou nan gwo wont. Ou pa sòti ankò avèk lame nou yo.


Delivre mwen de lènmi m yo, O Bondye mwen; Plase mwen byen wo an sekirite byen lwen de sila ki leve kont mwen yo.


Pa fin touye yo, sinon moun mwen yo ka bliye. Gaye yo avèk pouvwa Ou, e rale fè yo desann, O SENYÈ, boukliye nou an.


Èske Ou menm, SENYÈ a, pa t rejte nou? Epi èske Ou p ap sòti avèk lame nou yo, O Bondye?


O Bondye, poukisa Ou te rejte nou pou tout tan? Poukisa kòlè Ou fè lafimen kont mouton patiraj Ou an?


Jiskilè, O SENYÈ? Èske Ou va rete fache nèt? Èske jalouzi Ou va brile tankou dife tout tan?


Fè nou sekou, O Bondye sali nou an, pou glwa a non Ou. Delivre nou e padone peche nou yo, pou koz a non Ou.


O prete zòrèy Ou, Bèje Israël la, Ou menm ki mennen Joseph tankou yon twoupo, Ou menm ki chita sou twòn anwo cheriben yo, se pou ou briye.


O Bondye, restore nou! Fè vizaj Ou briye sou nou e nou va sove.


Restore nou, O Bondye a sali nou an, e fè endiyasyon Ou anvè nou, sispann.


Yon fwa, Ou te pale nan yon vizyon a fidèl Ou yo. Ou te di: “Mwen te bay soutyen a yon moun ki pwisan. Mwen te fè leve yon jenn nom ki te chwazi pami pèp la.


“Mwen, Bondye, te fè yon akò avèk moun apwente mwen a. Mwen te sèmante pa David, sèvitè mwen an,


Men koulye a Ou vin refize ak rejete, Ou te plen ak kòlè kont onksyone Ou a.


Yon Bondye ki resevwa lakrent anpil nan asanble a sen yo, e mèvèye plis pase tout sila ki antoure Li yo?


Lache, O SENYÈ! Konbyen tan sa va ye? Pran sa akè pou kòz sèvitè ou yo!


Mwen va ranfòse lakay Juda a, Mwen va sove lakay Joseph la, e mwen va fè yo retounen; paske Mwen gen konpasyon pou yo. Konsa, yo va vin konsi Mwen pa t janm rejte yo, paske Mwen se SENYÈ a, Bondye yo, e mwen va reponn yo.


Men Samuel te di: “Kisa ou te fè?” Epi Saül te di: “Akoz mwen te wè ke pèp la t ap gaye kite m, ke ou pa t vini nan jou apwente a, e ke Filisten yo t ap rasanble nan Micmasch,


Konsa, sila ki te pote nouvèl la te reponn: “Israël te sove ale devan Filisten yo, e te genyen osi, yon gwo masak pami pèp la. Anplis, de fis ou yo, Hophni avèk Phinées mouri, e lach Bondye a te kaptire.”


跟着我们:

广告


广告