5 Paske mò yo pa rele non Ou. Nan andwa kote mò yo ye a, se kilès k ap bay Ou remèsiman?
5 (6) Paske, lè yon moun mouri li pa ka chonje ou ankò. Pèsonn p'ap fè lwanj ou kote mò yo ye a.
Mò yo pa louwe SENYÈ a, ni sila ki desann antre nan silans yo.
Alò, mwen te rele non SENYÈ a. O SENYÈ, mwen sipliye Ou, sove lavi mwen!
Mwen p ap mouri, men m ap viv, e mwen va pale sou zèv a SENYÈ yo.
“Ki benefis ki genyen nan san mwen si mwen desann nan gwo fòs la? Èske pousyè a kab louwe Ou? Èske li va deklare fidelite Ou?
Lache, O SENYÈ! Konbyen tan sa va ye? Pran sa akè pou kòz sèvitè ou yo!
Nenpòt sa ke men ou jwenn pou fè, fè l ak tout kouraj ou. Paske pa gen aktivite, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Sejou mò kote ou prale a.
Fòk nou fè zèv a Li menm ki te voye M nan pandan li fè jou. Lannwit lan ap vini lè pèsòn p ap kab travay.