Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 58:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Avan chodyè ou yo kab santi dife pikan yo, Li va bale yo fè yo disparèt nan van toubiyon; vèt ak sila kap brile yo, ansanm.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 (10) Anvan menm yo konnen sa k'ap rive yo, se pou yo boule tankou raje. Bondye ap fè kòlè, l'ap rache yo pandan yo tou vivan.

参见章节 复制




Sòm 58:9
17 交叉引用  

Li bourade pouse lwen limyè a pou rive nan tenèb, e chase jis deyò mond kote moun rete a.


Van lès la pote l ale e li pati. Li fè l vire tounen kite plas li.


Oswa kon yon fòs kouch ki kache, mwen pa t ap egziste, kon yon pitit ki pa t janm wè limyè.


Nan ògèy pa yo, mechan yo kouri cho dèyè aflije yo. Kite yo kenbe nan menm pèlen ke yo te fè a.


Chemen pa li yo reyisi tout tan; Jijman Ou yo tèlman wo, li pa wè yo. Selon lènmi li yo, li giyonnen yo.


Yo te antoure mwen tankou myèl. Yo te efase nèt tankou dife nan bwa pikan. Nan non SENYÈ a, mwen va anverite, koupe retire yo nèt.


Men Ou menm, O Bondye, va rale yo desann nan fòs destriksyon an. Moun ki vèse san e ki bay manti p ap rive fè mwatye nan jou yo. Men mwen menm va mete konfyans nan Ou.


lè gran laperèz nou rive tankou tanpèt e gwo dezas nou yo tankou toubiyon, lè gwo pwoblèm ak soufrans rive sou nou.


Lè toubiyon an fin pase, mechan an vin disparèt; men moun dwat la gen yon fondasyon etènèl.


Mechan an jete anba pa malfezans li; men moun ladwati a gen sekou lè l mouri.


Paske tankou bwa pikan sèch pete nan dife; se konsa lè yon nonm ensanse ap ri; epi sa anplis se vanite.


Nasyon yo fè gwo bri desann tankou gwonde a anpil dlo, men Li va repwoche yo e yo va kouri rive byen lwen, yo va chase tankou pay sou mòn devan van, oswa toubiyon van an fè avan gwo tanpèt.


Apèn yo fin plante, apèn yo fin simen, apèn stòk yo fin pran rasin nan tè a, Li sèlman soufle sou yo, e yo fennen poutanpèt la pote yo ale tankou pay.


Gade byen, tanpèt SENYÈ a deja sòti ak gwo kòlè li. Tankou yon toubiyon k ap vire touwon, li va vire desann sou tèt a mechan an.


Men si SENYÈ a fè vin parèt yon bagay tounèf, tè a vin ouvri bouch li pou vale yo nèt avèk tout sa ki pou yo, e yo desann tou vivan kote mò yo ye a, alò, konsa, nou va konprann ke mesye sila yo te meprize SENYÈ a.”


跟着我们:

广告


广告