Paske konsa SENYÈ a di mwen: “Tankou lyon oswa jenn lyon gwonde sou kò bèt l ap manje, lè yon bann bèje vin parèt la; li p ap pè vwa yo, ni li p ap deranje akoz bri yo fè. Konsa, SENYÈ dèzame yo va vin desann pou fè lagè sou Mòn Sion ak sou kolin li an.”
Paske, Mwen va tankou yon lyon pou Éphraïm, e Mwen va tankou yon jenn lyon pou lakay Juda. Mwen menm, Mwen va chire an mòso e Mwen va ale. Mwen va pote ale, e p ap gen moun ki pou delivre.
Retay Jacob la va pami nasyon yo, pami anpil pèp; Tankou yon lyon pami bèt forè, tankou yon jèn lyon nan mitan bann mouton; li menm, si l pase, mache, dechire an mòso e p ap gen pèsòn ki pou delivre.
Gade byen, yon pèp ki leve tankou yon manman lyon, tankou yon lyon li leve li menm. Ni li p ap kouche jiskaske li fin devore viktim nan, pou l bwè san a sila li touye a.”