Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 56:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Tout lajounen, yo tòde pawòl mwen yo. Tout panse yo kont mwen se pou mal.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 (6) Tout lajounen y'ap manke m dega. Se yon sèl lide yo gen nan tèt yo: se fè mwen mal!

参见章节 复制




Sòm 56:5
17 交叉引用  

Konsa, Élie te ale montre li menm a Achab. Alò, gwo grangou a te byen rèd nan Samarie.


SENYÈ a pou mwen; mwen pa pè. Kisa lòm kab fè m?


Tout sila ki rayi mwen yo soufle ti pawòl nan zòrèy youn lòt. Kont mwen, yo fè plan pou donmaje mwen epi yo di:


Malgre sila ki mete konfyans nan richès yo, ak ògeye nan kantite fòs lajan yo—


Konsa yo te di: “Vini! Annou fè konplo kont Jérémie! Anverite, lalwa a p ap pral pèdi de prèt la, ni konsèy a saj yo, ni pawòl sen a pwofèt la! Vini, annou frape li ak kout lang, e pa okipe okenn nan pawòl li yo.”


Konsa, Farizyen yo te ale pran konsèy ansanm pou twouve kijan yo ta kab kenbe L nan pèlen pawòl ke Li te pale yo.


Yo te di: “Nonm sa a te di: ‘Mwen kapab detwi tanp Bondye a, e rebati li nan twa jou.’”


paske yo t ap eseye fòme yon konplo kont Li pou kenbe L nan yon pawòl ke Li ta petèt pale.


Jésus te reponn yo: “Detwi tanp sila a, epi nan twa jou Mwen va fè l kanpe ankò.”


kòm osi nan tout lèt li yo, li te pale ak yo de bagay sa yo. Ladan yo, gen kèk bagay ki difisil pou konprann, ke sila ki san konprann e ki pa stab yo defòme, jan yo te fè osi ak tout lòt Ekriti sen yo, ki va gen kòm rezilta, pwòp destriksyon pa yo.


Alò, Saül te di a David: “Men pi gran fi mwen an, Mérab. Mwen va ba ou li kòm madanm. Sèlman, rete vanyan pou mwen e mennen batay pou SENYÈ a.” Paske Saül t ap di a tèt li: “Mwen p ap kapab leve men kont li, men kite men Filisten yo vin kont li.”


Saül te di a li menm: “Mwen va ba li fi a pou li kab devni yon pyèj pou li e pou men Filisten yo kapab vin kont li.” Pou sa, Saül te pale David, “Pou yon dezyèm fwa, ou gen dwa devni bofis mwen jodi a.”


li te pè David menm plis. Konsa Saül te lènmi a David ale nèt.


Alò, Saül te voye frenn nan sou Jonathan pou frape fè l tonbe. Epi konsa, Jonathan te konnen ke papa li te pran desizyon pou mete David a lanmò.


Si li di: ‘Sa bon,’ sèvitè ou a va sove; men si li vin byen fache, konnen ke li te pran desizyon pou l fè mal la.


跟着我们:

广告


广告