Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 55:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Pawòl li te pi dous pase bè, men ak kè, li te fè lagè. Pawòl li yo te pi dous pase lwil, men se nepe rale yo te ye.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

21 (22) Pawòl nan bouch yo pi dous pase siwo. Men, nan fon kè yo se yon sèl bagay yo konnen: se goumen. Pawòl yo koule dous tankou lwil, men lang yo se razwa.

参见章节 复制




Sòm 55:21
16 交叉引用  

Anplis de sa, se kilès pou m ta sèvi? Se pa nan prezans a fis li a? Jis jan ke m te sèvi nan prezans papa ou a, konsa mwen va ye nan prezans pa w.”


Èske l ap fè ou anpil siplikasyon, oswa èske l ap pale ak ou ak pawòl dous?


Yo pale sa ki fo a youn lòt. Lèv flatè yo ak kè doub yo pale.


Pa rale m sòti avèk mechan yo, avèk sila ki fè inikite yo, ki pale lapè avèk vwazen yo, pandan mechanste nan kè yo.


Nanm mwen rete pami lyon yo. Mwen oblije kouche pami sila k ap respire dife yo. Fis a lòm yo menm ak dan kon frenn file, epi lang yo kon yon epe file.


Gade byen, yo fè pete gwo gaz ak bouch yo. Nepe yo nan lèv yo, paske yo di: “Kilès ki tande”?


Yo plen entansyòn pou pouse li soti nan wo pozisyon li. Yo pran plezi nan tout sa ki fo. Yo beni avèk bouch yo, men anndan yo bay madichon.


Ki te file lang yo tankou nepe. Yo te pwente flèch pawòl anmè yo,


Genyen yon moun ki pale san pridans tankou sila k ap goumen ak nepe yo; men lang a saj la pote gerizon.


Yon lang ki bay manti, rayi sila li kraze yo, e zèv a lang flatè a se dega.


Judas, ki t ap trayi Li a te reponn: “Asireman se pa mwen menm, Rabbi (Mèt)?” Li te reponn li: “Se ou menm ki di l.”


Pandan yo t ap soupe, dyab la te deja mete nan kè Judas, fis Simon an, pou trayi Li.


Alò, Saül te kòmande sèvitè li yo: “Pale avèk David an sekrè e di: ‘Gade byen, wa a trè kontan avèk ou e tout sèvitè li yo renmen ou anpil. Alò, pou sa a, vin bofis a wa a.’”


跟着我们:

广告


广告