Mesye a te di Joab: “Menm si mwen ta resevwa mil pyès ajan nan men m, mwen pa t ap lonje men m kont fis a wa a; paske nan tande nou, wa a te kòmande ou avèk Abischaï ak Ittaï, e te di: ‘Pwoteje pou mwen jennonm nan, Absalom!’
Alò, mesye Juda yo te parèt e se la, yo te onksyone David wa sou kay Juda a. Epi yo te pale David, e te di: “Se te mesye a Jabés Galaad ki te antere Saül yo.”
Jis rive jou sa a, yo fè selon ansyen koutim yo: yo pa krent SENYÈ a, ni yo pa swiv règleman pa Li yo ni òdonans, ni lalwa a, ni kòmandman ke SENYÈ a te kòmande fis a Jacob yo, ke li te bay non Israël yo;
O SENYÈ, èske zye Ou pa chache verite? Ou te frape yo, men yo pa t sanse doulè. Ou te fè yo megri, men yo pa t aksepte korije. Yo fè figi yo pi di pase wòch. Yo refize repanti.
Epi wa a te di a gad ki te okipe li yo: “Vire mete prèt SENYÈ a a lanmò, akoz men yo avèk David e akoz yo te konnen ke li te sove ale e yo pa t revele sa a mwen menm.” Men sèvitè a wa yo pa t vle lonje men yo pou atake prèt SENYÈ yo.
Gade byen, jou sa a zye ou gen tan wè ke SENYÈ a te livre ou nan men m nan kav la. E kèk moun te di m touye ou, men zye m te gen pitye pou ou. Konsa mwen te di: ‘Mwen p ap lonje men m kont mèt mwen an, paske li se yon onksyone a SENYÈ a.’