5 Li va rekonpanse mal a lènmi mwen yo. Detwi yo nan fidelite Ou.
5 (7) L'ap fè mechanste moun ki pa vle wè m yo tonbe sou tèt yo; l'ap fini nèt ak yo paske l'ap toujou kenbe pawòl li.
O fi a Babylone nan, Ou menm ki te devaste nou an, A la beni sila ki rekonpanse ou ak menm rekonpans ke ou te rekonpanse nou an va beni!
Tande lapriyè mwen, O SENYÈ. Prete zòrèy Ou a siplikasyon mwen yo. Nan fidelite Ou, reponn mwen, ak ladwati Ou!
Epi nan lanmou dous Ou a, fè lennmi m yo koupe retire nèt. Detwi tout sila ki aflije nanm mwen yo, paske mwen se sèvitè Ou.
Enstwi mwen nan chemen Ou, O SENYÈ. Mennen m nan yon wout ki a nivo, akoz lènmi mwen yo.
O renmen SENYÈ a, nou tout, moun fidèl yo! SENYÈ a toujou prezève moun fidèl yo, e bay pwòp rekonpans a sila ki plen ògèy yo.
O SENYÈ, mennen m nan ladwati Ou akoz lènmi mwen yo. Fè chemen Ou dwat devan mwen.
O Bondye, mesye awogan yo te leve kont mwen, yon bann mesye vyolan ap chache lavi mwen. Yo pa mete Ou devan yo.
Kote lanmou dous Ou te kon genyen, O SENYÈ? Sa Ou te sèmante a David nan fidelite Ou a?
Li te fè mechanste pa yo retounen sou yo, e va koupe retire yo nèt nan mechanste pa yo. SENYÈ nou an va koupe retire yo.
Alexandre, bòs fòjewon an, te fè mwen anpil mal. Senyè a va rann li sa selon zèv li.
Remèt li menm jan li te bay la, e ba li anretou de fwa selon zèv li yo. Nan gode ke li te fè melanj lan, fè melanj lan otan de fwa pou li.