Konsa mwen te di yo: “Nou wè move ka nou an, ke Jérusalem dezole e pòtay li yo fin brile pa dife? Vini, annou rebati miray Jérusalem nan pou nou pa parèt kon yon wont ankò.”
Anverite, SENYÈ a te konsole Sion; Li te rekonfòte tout kote dezole li yo. Epi savann li yo te fèt sanble ak Éden, e dezè yo tankou jaden Senyè a. Lajwa ak kè kontan va twouve nan yo; remèsiman ak son melodi chanson.
Sila ki pami ou yo va rebati ansyen mazi yo. Ou va fè releve ansyen fondasyon yo. Konsa yo va rele ou Sila Ki Te Repare Brèch la, Sila Ki Te Restore Lari Yo Ak Kay Yo.
Pou koz Sion, Mwen p ap rete an silans e pou koz Jérusalem, Mwen p ap rete san pawòl, jiskaske ladwati li vin parèt tankou gran limyè e sali li tankou yon tòch k ap brile.
“Konsa, ou ta dwe konnen e disène ke depi yon dekrè vin pibliye pou restore e rebati Jérusalem jis rive nan Onksyone a, Prens lan, va gen sèt semèn ak swasann-de semèn. Li va rebati ankò, ak plas la, e ak kanal ranpa a, menm nan yon tan ki twouble.
Èske SENYÈ a pran plezi nan milye de belye yo? Oswa nan dè di-milye de rivyè lwil yo? Èske se premye ne mwen an mwen dwe bay pou zak rebelyon mwen yo? Fwi a kò m pou peche nanm mwen an?
Pou rezon sa a osi, nou toujou priye pou nou, pou Bondye kapab konte nou dign de apèl nou an, e ranpli tout dezi pou fè sa ki bon ak zèv lafwa yo avèk fòs,