Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 51:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Paske Ou pa pran plezi nan sakrifis. Otreman, mwen ta bay li. Ofrann brile yo pa fè Ou kontan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 (18) Si se bèt ou ta vle yo touye pou ofri ou, mwen ta ofri bèt ba ou. Men, ou pa pran plezi nan vyann bèt y'ap boule ofri ba ou yo.

参见章节 复制




Sòm 51:16
19 交叉引用  

Poukisa ou te meprize pawòl SENYÈ a e fè mal devan zye Li? Ou te fè tonbe Urie, Itit la avèk nepe, ou te pran madanm li kòm madanm ou e ou te touye li avèk nepe a fis Ammon yo.


Sakrifis avèk ofrann sereyal, Ou pa t dezire yo. Ou te ouvri zòrèy mwen. Ofrann brile avèk ofrann peche yo, Ou pa t mande yo.


Mwen pa repwoche ou pou sakrifis ou yo. Ofrann brile nou yo devan m tout tan.


Men vwala, Ou vle verite a menm nan pati anndan m nèt. Nan pati kache anndan m, Ou va fè m konnen sajès.


Bouch mwen va pale ladwati Ou, ak sali Ou tout lajounen, menmsi mwen pa kab fin konnen fòs valè tout jou sa yo.


Si, alò, yon mesye aji avèk mechanste kont vwazen li, pou l kab touye li nan koken, ou va pran li menm si se sou lotèl la, pou li kapab mouri.


Sakrifis a mechan an abominab a SENYÈ a; men lapriyè moun dwat yo se gwo plezi Li.


Sakrifis a mechan yo abominab; se konbyen anplis, lè l pote ak movèz fwa.


“Ou va pale tout pawòl sa yo avèk yo, men yo p ap koute ou. Ou va rele kote yo, men yo p ap reponn ou.


Paske, Mwen pito mizerikòd olye sakrifis, epi konesans Bondye a plis ke ofrann brile.


Osi, si yon moun fè peche ki pa eksprè, alò, li va ofri yon femèl kabrit nan laj 1 nan kòm yon ofrann peche.


“‘Anplis, nou pa pou pran ranson pou lavi a yon asasen ki koupab jiska lanmò. Li va, vrèman, vin mete a lanmò.


“Si yo twouve yon nonm kouche avèk yon fanm ki marye, alò, yo toude va mouri, nonm ki te kouche avè l la, ansanm ak fanm nan. Konsa, nou va retire mal la sou Israël.


Samuel te di: “Èske SENYÈ a twouve menm fòs plezi nan ofrann brile yo avèk sakrifis yo ke li jwenn nan obeyi vwa SENYÈ a? Veye byen, obeyisans pi bon ke sakrifis e koute pase grès a belye yo.


跟着我们:

广告


广告