Mwen rele syèl la avèk tè a pou fè temwayaj kont nou jodi a, ke mwen te mete devan nou lavi avèk lanmò, benediksyon avèk malediksyon. Pou sa, chwazi lavi pou nou kapab viv, nou menm avèk desandan nou yo,
Rasanble pou mwen tout ansyen a tribi nou yo ak ofisye nou yo, pou mwen kapab pale pawòl sila yo pou yo tande e rele sou syèl la avèk tè a pou temwaye kont yo.
Mwen rele syèl la avèk tè a kòm temwen kont nou jodi a, ke nou va vrèman peri vit nan peyi kote nou ap pase Jourdain an pou posede a. Nou p ap viv pandan anpil tan ladann, men nou va detwi nèt.
Soti nan syèl yo, Li te kite nou tande vwa Li pou korije nou; epi sou latè, Li te kite nou wè gran dife Li a; epi nou te tande pawòl Li soti nan mitan dife a.